Rezo sosyal : Afiche mennaj sou estati, yon pratik k ap pran anpil enpòtans

Temps de lecture : 5 minutes

Dernière mise à jour : 9 décembre 2019 à 12h21

« Mennaj pa boul bòlèt.

Nan ki afiche m te ye ! »

Menm estil mizik yo rele rabòday la moun plis konnen pou betiz li ap veyikile gen merit paske li dekri anpil reyalite san filtè. Youn nan reyalite sa yo se pratik afiche mennaj sou estati. Entѐnѐt prensipalman rezo sosyal yo rantre byen fon nan rapò sosyal yo, nan rapò moun ak moun. Se menm jan li aji sou rapò sosyal lanmou. Depi kèk lane, yon pakѐt rezo sosyal sitou facebook ak Whatsapp bay aksѐ pou mete estati ki dire 24ѐ swa sou fòm foto, videyo oubyen tѐks. Sa ki pouse yo vin tounen kanal pou anpil koup egzibe relasyon yo, swa nan voye flѐ jan sa ap byen mache oubyen nan plenyen. Si yon kote pratik la vle montre jan de patnè fyè youn lòt oubyen pa pè ekspoze youn lòt, li konn kite gou amè lè renmen kraze akòz pwa sosyete a.

Jean Verdin Jeudi ( TOLI) se yon sosyològ ki esplike kijan li konprann fenomѐn sa k ap pran fil depi kѐk tan nan montre rezon ki ka pwovoke koup yo sѐvi ak pratik sa pou montre y ap byen pase : « Rezo sosyal yo vin tounen yon zouti pou anpil moun fѐ wѐ tѐt yo, konstwi yon imaj de yo menm, kapte atansyon lòt moun nan antouraj yo. Relasyon lanmou yo pwofite de sa paske youn nan pwen santral lanmou womantik yo, se montre koup yo ap viv byen, gen yon entimite, yon inite nan mitan koup yo. Kidonk estati a pѐmѐt yo pwojte imaj sa, yon lanmou san fay ».

Nan menm sans la, li montre tou kote yo ka sѐvi avѐk li pou eksprime desepsyon yo : “ Yon lòt kote, paske lanmou an chita sou yon bann obstak, toujou gen konfli anba anba. Ebyen, menm rezo sosyal yo sevi kòm kannal pou eksprime desepsyon lanmou womantik la kache dѐyѐ li.”

Èske pratik sa egal ak blòf si relasyon an ta vin kraze byen rapid ?

Pou sosyològ la, poste mennaj sou estati a pa fòseman chita sou blòf. Li rete kwè menm si relasyon an ta vin kraze sa pa sifi pou di de (2) moun yo te sou blòf. Pou li, gen lòt faktè ki ka lakoz ripti sa: « Pwoblèm nan se paske modèl lanmou womantik la menm gen gwo limit sitou nan koze tanporalite a ». Jean Verdin Jeudi esplike: « Non sèlman li defini relasyon santimantal yo apati koup la ( 2 moun ) ki vle fè kwè inyon sa la pou lavi men nou konnen kesyon dire relasyon yo pa long vre lè nou ap konsidere mwayèn tan relasyon yo ka kenbe ».

Fenomèn afiche mennaj la chaje ak enpak sikolojik

Micheccovencia Stephany Jean-Baptiste se yon sikològ. L ap egzèse metye sa depi 2 lane. Li fè konnen youn nan gwo enpak fenomèn sa pote se « depèsonalizasyon » kote gen anpil fè sanblan nan poste mennaj la. Sa ka rive se yon lòt koup ki enfliyanse de (2) patnè yo.

Daprè li menm, zafè afiche koup oubyen mennaj sou estati yo pa sèlman fè kè kontan men li ka bay lòt moun pwoblèm.

Li kontinye pou li di sa ka lakoz twoub depresif kay lòt moun ki ap swiv estati koup sa yo:« Nan ka sa, moun nan wè kèk foto epi pou li menm moun sa yo ap byen viv. Epi li menm swa li gen laj pou li ta gen yon mennaj ou byen pou li ta ap poste epi li wè li pa ka fè sa, sa ka afekte li». Rezo sosyal ka pote anpil depresyon paske nan gade bèl imaj moun ap vann, anpil lòt konn panse yo pa p regle anyen ak lavi yo.

Èske poste mennaj ak bèl pawòl vle di relasyon an byen mache ?

Mara Bercline Marcelin ak Wilford Roland Lamour se de (2) jèn k ap viv Pòtoprens. Yo an koup depi yon lanne men depi 5 lanne youn rekonèt lòt. Yo se 2 etidyan nan 6èm ane medsin ki atache anpil ak pratik sa a. Malgre sa yo pa rete kwè sa ka montre ki nivo yo angaje ni vle di relasyon ap byen mache.

Mara bò kote pa li reponn kategorikman non. « Anpil fwa anpil moun ap poste mennaj sou rezo sosyal yo epi yo ap maltrete mennaj la. Menm nan maryaj ou konn viv sa. Nèg la ozanj nan lari  avèvw anndan kay ou se twal pye l », li deklare. Kidonk, selon Mara afiche relasyon pa fosèman pou rann li pi vivan ni ba li plis cham sa depann de moun ki fè l la ak ki kontèks li fè l.

Wilford reponn non tou. Li ale nan menm sans la pou li di :« afiche yon moun pa gen anyen pou wè ak bòn mach relasyon an ».

Yon jèn fi, Lood Rikha Milçoit, k ap etidye syans jiridik epi Patrimwàn nan Inivisète Leta Ayisyen pa renmen pratik sa. Li panse moun yo bay rezo sosyal yo twòp plas nan relasyon yo. Li di konsa : « sou okenn pretèks se pa sa k ap kenbe anvi yon relasyon. Yon lòt kote, pou moun ki renmen sa, li ka bay relasyon moun sa yon ti cham ».

Yon pratik ki vin gen anpil enpòtans

Selon deklarasyon anpil moun, pratik la pa sifi pou sove yon relasyon men sa pa anpeche yo montre li gen tout sans li pou pwouve relasyon an. Si anvan, se te bèl lèt pafime ki te konte, jodi a, rezo sosyal bay altènativ pou montre kijan patnè ou enpòtan.

« Pou mwen sa vle di anpil bagay pèsonèlman menm si pou anpil moun li ka yon jwèt, Mara devwale. Mwen menm m fè sa nan lide pou m montre moun ki avè m nan m pa pè afiche m kèlkeswa kote a avè l. M fyè de li. M renmen l. Montre lemonn men moun ki bra dwat mw an ».

Wilford ale nan menm sans la pou li montre pratik la montre nivo moun yo pa pè kache relasyon an. « Se kòmsi m t ap mache ak mennaj mwen men nan men nan lari, m ka chwazi afiche l sou estati m. Sa montre m fyè de li ».

Rebecca Dosthènes gen 22 lane, li ap etidye syans kontab. Li fè konnen li te renmen pratik la anpil. « Pou mwen se jis yon plezi sa rann mwen erez mw jwenn bonè m ladann lè m fè l ».

Poutan Lood Rikha Milçoit wè pratik sa se yon gwo risk. Se poutèt sa li pa renmen fè sa paske jou ta gen ti pwoblèm nan relasyon an oubyen li ta kraze tout moun ap konnen twò vit.

Se yon pratik ki kite gou anmè?

« Se te yon gwo chòk pou mwen. M te santi m aneyanti. Se kòmsi m pèdi yon konba, paske twòp moun t ap swiv estati m », se konsa Rébécca Dosthènes etidyan nan Syans Kontab te santi l apre li te separe ak premye moun li te renmen afiche a. Sa ki pouse l di l pa p antre nan demach sa ankò san l pa santi relasyon an pa p kraze byen vit.

Marcelin se non nou bay yon etidyan nan Inivèsite GOC ki vle kenbe anonima. Byen tris, li rakonte : « M te fè plis pase yon mwa m pa janm mete estati. M te wont, zanmi ak lòt moun k ap mande sa k pase, epa m pa poste mennaj ou ankò, nou kite? ». Jèn gason sa pa t ezite pou li di « M pa kwè m ap janm antre nan lojik plede afiche mennaj mwen ankò paske m pa ta vle tonbe nan menm sitiyasyon an si nou ta separe ».

Naphetarline Charles di se youn nan pi gwo desepsyon li pran nan zafè renmen. « M te renmen afiche l. Epi l vin pran yon lòt fi, l ap afiche tou, l ap esplike. Nou vin kite. Sa te fè m twòp mal ». Pou l pa tonbe nan menm sitiyasyon sa li deklare : « M pa p janm nan afiche mennaj sou rezo sosyal l ankò ».

Billy Doré
dorebilly100@gmail.com

À propos Billy Dore

Billy Doré est journaliste à Balistrad. Il est étudiant mémorand en Sciences Politiques et étudiant en Sociologie à l'Université d'État d'Haïti.
x

Check Also

La route et l’inconnue, un dernier spectacle pour terminer l’année 2022

Comme une dernière poignée de main pour dire au revoir ...