Ayiti
Pixabay

Politik wa Henry, dola ap bay gaz nan yon peyi san gaz, Edikasyon, legliz seksyèl, ensekirite nonnstòp, 2023 mal pati

Temps de lecture : 4 minutes

Dernière mise à jour : 9 février 2024 à 1h55

Si w te espere nouvèl ane a t ap pote chanjman ak amelyorasyon nan sitiyasyon malouk peyi d Ayiti ap konnen men ki anpire depi plis pase 10 an kounye a, tout siy yo montre, ane 2023 a mal pati.

Se ak eslogan sila ki vin selèb aprè politisyen, ansyen senatè Moïse Jean Charles te fin itilize l nou ka kalifye premye semèn ki deja pase nan ane tou nèf la. Se siy, malgre bon volonte ak swè anviwon 12 milyon abitan peyi d Ayiti ka konte, pa p gen anyen ki nouvo anba syèl ble a, sinon, bagay yo ka vin pi grav.

Politik, Sante, Edikasyon, Espò, Lakilti, Ekonomi, pa gen okenn sektè nan vi nasyonal peyi a ki bay figi yon espwa lavi miyò. Nou toujou nan yon peyi san Prezidan, dezyèm lendi mwa Janvye a lage nou san palman, lajistis toujou klopi klopan, lopital jeneral san rezidan, peyi a tankou peny ti dan.

Politik : « Wa Henry » an mòd HCT

Nan politik la, Ariel Henry toujou sèl chèf. Deja san lejitimite, li mete sou pye yon dènye akò ki pa pran an kont anpil sektè ak pati politik ki peze lou nan balans lan. Men li di adelante, eslogan an se : « N ap mache ak sa ki vle ».

Misyon Ariel Henry a se ta, avèk HTC a, rive mete kanpe enstitisyon elektoral la pou sa fè eleksyon pou l bay yon prezidan eli pouvwa a nan mwa fevriye 2024 la. Sou kesyon militè Wa Henry te mande entènasyonal la, li chanje diskou. Nan diskou 1e Janvye, PM defakoto a, li fè konnen se te pito fòmatè pou akonpaye fòs lòd k ap fè dezòd yo li te vle mande.

Lambert pèdi tout pouvwa. Men fò n di ka Lambert a te deja grav apre li te fin tonbe anba sanksyon Etazini ak Kanada ki akize Prezidan ti rès Sena a, (padon, fiti ansyen prezidan) nan konfyolo ak divès manm gang k ap teworize popilasyon an, dilè dwòg ak fè koripsyon nan tèt leta a pandan li itilize posisyon chèf Sena a li okipe e ta menm arive enplike nan yon zak sasinay.

Ekonomi 150 : Dola ap bay gaz nan yon peyi san gaz

Ayiti

Pixabay

Nan dosye ekonomi, peyi a se yon kalvè ti mas pèp la ap monte. Tout pwodui premye nesesite yo monte tèt nèg. Lavi chè sispann taye banda, li kareman pran plas banda a menm. Pri gaz ki pa janm disponib lan ki double a gen konsekans tèt chaje sou ekonomi peyi a.

Pandan rate gaz la ap pèsiste, dola ameriken an ap lage sanmilalè. Malere pa fouti manyen 1 grenn dola. To referans BRH la prèske atenn 150 goud pou yon dola meriken. Nan lari a se prèske 160 goud. Nan yon pwodui kip a pwodui prèske anyen, ak ki mwayen senp sitwayen ap rive konsome kichòy nan sitiyasyon sa pou 2023 a ?

N ap raple, gouvènè banks antral la, Jean Baden Dubois toujou pa di ki kote 150 milyon dola li te pwomèt l ap enjekte sou mache a pou pèmèt goud la rale yon ti souf avan mouvman « Bwa Kale a » pase. Je nan je, leta ap gade pèp la k ap soufri. Pyès moun pa dwe pèsonn esplikasyon.

Edikasyon an reta

Nan koze edikasyon, lekòl la fòse louvri fen novanm pase a. Men se toujou you ti gwoup privilejye ki rive gen aksè ak moso pen ledikasyon. Gran majorite sitou sila ki nan zòn kote ensekirite a ak nan kouch defavorize a poko ka gen aksè ak reouvèti fòse ki fèt nan ta.

N ap remake tou, jiskaprezan liv inik minis Nesmy Manigat t ap pwone pou 2 premye klas fondamantal yo nan lide pou mete estanda epi amelyore aprantisaj nan premye lane edkiasyon timoun yo toujou poko ka fini rive distribiye nan tout depatman peyi a.

Legliz seksyèl, Armel ap fè koze

Men se pa sa ki domine aktyalite edikatif la nan sosyete a. Se Pastè Armel Lafleur k ap fè koze. Alòske Pastè Armel ap chame pwòp pitit li devan legliz li, dosye a pran lari, videyo anvayi rezo soyo, komisè gouvènman ak ministè kilt konvoke resposab relijye a.

Armel pa met pye. Li pran laprès ak tout pitit fi l. Jistifikasyon : tout sa yo n ap gade la a se edikasyon seksyèl. Tape dèyè, ou gen bèl bouboun, mwen renmen manyen l, pozisyon kwaze, ti bo sou bouch, pitit fi di li pa deranje, li abitye ak papa a, se fòmasyon an preparasyon pou lemaryaj l ap pran.

Legliz la kontinye an degraba nan sosyete tèt anba kote tout moun kite l mache, yo se sitwayen selès.

Men fwa sa a, sanksyon an tonbe, Armel pa paste ankò pou 5 lane k ap vini la epi li bani nan tout aktivite ministeryèl ak pastoral. Se sa ministè Kilt deside aprè responsab legliz la te boude envitasyon yo ministè a te voye pou li pandan l mande voye pou 15 jou ankò envitasyon chèf pakè Pòtoprens lan.

Ensekirite nonnstòp

Se ak menm dosye «kidnapping», afwontman ant gwoup nèg a zam ak lapolis peyi a tanmen nouvo ane a. Plizyè viktim deja tonbe anba men ravisè pami yo ansyen Despite Smith Mathrin kote bandi yo reklame 500 mil dola vèt ak 5 milyon goud pou yo libere l.

Zòn de non dwa yo, abitan yo toujou poko ka rejwenn dwa yo. Lapolis toujou enkapab pou l retounen sitiyasyon sekirite a ak nòmalite l. Se mèt kò ki veye kò. Pa gen lavi noktin, depi l fè labrenndiswa, tout moun se rantre lakay epi veye solèy pou pran lari. Pèsonn pa epanye.

Pou fini, rezidan lopital jeneral an grèv. Lopital prive tèt nèg, Mas pèp la pa gen sante. Ti grip, ti fyèv, epidemi, ou ta di ministè Sante pa t egziste. Minis malad la pa ka kanpe. Nan lwazi, chanpyona foutbòl nasyonal la kanpe akoz ensekirite, pa gen bal ak pwogram men atis ap pèfòme pou bandi, genyen ki se menm madan bandi.

2023, OU GÈLÈ MAL PATI ?

À propos Filisner Dieujuste

Filisner DIEUJUSTE, jeune étudiant en linguistique à la Faculté Linguistique Appliquée (FLA) de l’Université d'Etat d'Haiti (UEH) et en journalisme à ISNAC. Passionné de littérature, futur linguiste, aspirant juriste, psychologue et politologue haïtien comptant s'investir dans la vie éducative, intellectuelle et politique de son pays. Aspirant écrivain.
x

Check Also

Lavi Potoprens - Tyson Duverger

« Lavi Pòtoprens » : Premye woman Tyson Duverger, yon resi lavi jèn yo ou dwe li

Tyson Duverger soti premye Woman li ki pote tit : ...