Lavi Potoprens - Tyson Duverger
Tous droits réservés

« Lavi Pòtoprens » : Premye woman Tyson Duverger, yon resi lavi jèn yo ou dwe li

Temps de lecture : 2 minutes

Dernière mise à jour : 11 février 2023 à 12h11

Tyson Duverger soti premye Woman li ki pote tit : Lavi Pòtoprens. Jèn otè ayisyen sila ki ap viv alèkile nan Peyi Brezil retrase, nan yon istwa tou kout, lavi miwo-miba jèn alèkile yo ap konnen depi kèk tan an Ayiti. Nou envite w dekouvri kout plim sa ki ap pran nesans !

Se nan dat 14 novanm 2022 a Tyson Duverger rive mete deyò woman li ki pote tit : « LAVI PÒTOPRENS ». Piblikasyon sila fèt anba labèl « Tras Edisyon ». Se yon woman ki ekri nan lang kreyòl pou premye piblikasyon li e ki gen 133 paj. Otè a repati tèks laan 14 chapit osinon 14 pati. Pi enteresan toujou, tit chak pati sa yo se yon « pwovèb kreyòl ».

Kiyès ki Tyson DUVERGER ?

Tyson Duverger fèt yon 27 dawout 1999 nan lakou Pòtoprens. Se yon pasyone literati. Pasyon sa pouse li al etidye filozofi nan inivèsite Federal da Fronteira Sul nan peyi Brezil. Avan li te ale Brezil, li te kòmanse etidye syans langaj nan inivèsite leta an Ayiti (ILA), presizeman nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA).

Pou konplete bèl ajanda li ak lanmou li genyen pou aktivite literè yo, anmenm tan, Tyson se yon eslamè, mizisyen epi redaktè web. Jèn otè a ouvri tèt li tou nan lòt orizon ak lòt pasyon. Se konsa, nan yon lòt bò, li se yon pasyone teknoloji. Se nan lide sa a, li anime emisyon « Boustè » sou rezo sosyal facebook la. « Lavi Pòtoprens » se premye zèv ekri li rive pibliye.

Yon rezime

Lavi Pòtoprens se istwa yon jèn gason ki rele Liknè ki al viv Pòtoprens ak kouzin li pou ede l. Malerezman, depi lè jenonm nan rive l ap sibi move tretman nan men kouzin li. Ak anpil espwa, li batay pou l fini lekòl malgre latriye difikilte li rankontre nan lespwa pou l ka antre nan yon fakilte leta. Konsa l ap ka kòmanse pran lavi l an men. Men, bagay yo pa vin jan l te panse a. Malgre tout jefò l deplwaye, pòt fakilte leta yo rete fèmen pou misye.

Lè misye wè move tretman yo pa sispann e li vle kòmanse bay vi l direktiv pou sa kòmanse fè kèk jès ak fanmi l ki an pwovens – e sitou se li ki premye pitit –, li reziyen l antre nan lapolis malgre fanmi l pa dakò.

Malerezman, akoz yon zanmi Liknè ki rele Lolo ki nan vye pratik lakoz misye tonbe nan yon anbiskad epi arive resevwa katouch ki fè ti jenonm nan al fini sou kabann lopital.

Kòman w ka gen liv la?

Liv la disponib an Ayiti ak a l etranje nan peyi tankou Etazini, Kanada ak Repiblik Dominikèn. Pri liv la se 750 goud. Pou w ka jwenn yon egzanplè nan woman an, ou kapab kontakte Tras Edisyon nan nimewo sa a : +509 3169 86 17. Ou kapab ekri tou Leevens Vilmé sou nimewo sa a : +509 3187 20 52 oubyen Sendie Normil sou : +509 3651 09 09.

« Tyson Duverger met lapat sou mouvman san kanpe sa epi pote l anba je n. « Lavi Pòtoprens s on tèks k ap bouje. Liknè, ti nèg andeyò, debake Pòtoprens pou l vin pote kouzin li lamen fòt. Yon kouzin ki pran l pou mach pye, sapata l lè l vle. Men Liknè gen anbisyon, l ap chache soti tèt li pa tout mwayen. Obstak. Desepsyon. Nan ki wotè Liknè ap rive mete tèt li nan sosyete miwo miba sa a otè a ap dekri a? »

Se apresyasyon lenguis Carl Edens Pierre sou liv la. Yon woman, yon istwa ki reflete lavi anpil nan nou, pwòch nou, paran nou ak fanmi nou.

Nou envite w pakouri avanti sila epi ankouraje otè a nan nouvo chimen l ap trase pou kite memwa pou pwojeniti k ap vini an.

À propos Filisner Dieujuste

Filisner DIEUJUSTE, jeune étudiant en linguistique à la Faculté Linguistique Appliquée (FLA) de l’Université d'Etat d'Haiti (UEH) et en journalisme à ISNAC. Passionné de littérature, futur linguiste, aspirant juriste, psychologue et politologue haïtien comptant s'investir dans la vie éducative, intellectuelle et politique de son pays. Aspirant écrivain.
x

Check Also

Ayiti

Politik wa Henry, dola ap bay gaz nan yon peyi san gaz, Edikasyon, legliz seksyèl, ensekirite nonnstòp, 2023 mal pati

Si w te espere nouvèl ane a t ap pote ...

Share via
Copy link