Pwogram migratwa Biden: yon opsyon pou Ayisyen, yon avantaj bab ak moustach pou Ameriken
© Photo : Eric Gay / AP

Opinyon | Pwogram migratwa Biden: yon opsyon pou Ayisyen, yon avantaj bab ak moustach pou Ameriken

Temps de lecture : 6 minutes

Dernière mise à jour : 18 avril 2024 à 6h19

Prezidan ameriken an, Joe Biden, te anonse jou ki te 5 janvye 2023 a yon nouvo pwogram imigrasyon ki ta pral pèmèt resòtisan Ayisyen, Kiben, Nikaragweyen ak Venezyelyen antre Ozetazini legalman pandan yon peryòd de (2) lane e yo ap gen pou jwi plizyè opòtinite tankou aprann anglè, aprann yon metye, jwenn travay. Pwogram sa rele an anglè : « The Biden Administration’s Humanitarian Parole », men pitit peyi a batize l ak yon ti non jwèt : « Pwogram Biden ».

Valerie Laveus salye frè l Reginald Malherbe Daniel pandan l ap rive Ozetazini pou premye fwa depi Ayiti nan Ayewopò Entènasyonal Fort Lauderdale-Hollywood nan Fort Lauderdale, Fla., mèkredi 9 out 2023. (© Foto : Jim Rassol / AP)

Kisa Pwogram Biden lan ofri ?

Nouvo opòtinite Pwogram Biden lan ap pèmèt jiska 30.000 resòtisan pa mwa ki sòti nan peyi sa yo jwenn posibilite antre Ozetani san anpil fòmalite. Pou yon resòtisan aplike fò l gen yon moun Ozetazini ki dakò pote l garan pou sipòte l. Aplikasyon pou pwogram lan gratis. Ni sipòtè resòtisan an ni resòtisan an pa gen okenn frè pou yo peye sèvis imigrasyon ameriken. Se konsa anpil Ayisyen nan dyaspora a aplike pou yon moun ou plizyè moun an menm tan ki ka fanmi, mennaj, zanmi, oubyen konesans. Men tankou tout domèn, gen raketè ki antre nan wonn lan, fè moun peye pou aplike, bay fo garanti y ap apwouve yo, fè tranzaksyon lajan pou deklare yo se sipotè, elatriye. Se nan tout jan sa yo yon dividal moun aplike.

Daprè dènye done ki disponib sou pwogram nan nan kòmansman ane 2024 la, 120.000 ayisyen gentan benefisye l. Men gen 600.000 lòt sitwayen peyi a k ap ret tann pou yo apwouve yo. Gen nan yo k ap ret tann depi plis pase yon lane. Atant lan long paske aplikasyon tout peyi yo nan kòmansman pwogram lan te monte a 1,5 milyon. Pou fè fas a sa, ajans imigrasyon ameriken an prevwa chwazi mwatye nan aplikasyon l ap apwouve yo o aza atravè yon lotri. Yo chwazi lòt mwatye a daprè dat yo resevwa aplikasyon yo. Kidonk anpil moun ap ret tann pou « Biden » yo tonbe tankou yon boul malatchong pou lavi yo chankre nan yon lòt chimen.

Sepandan, gen anpil aplikan ki gen kè sote paske yo panse pwogram lan ka sispann nenpòt ki lè selon evolisyon politik ameriken an. Peyi Tonton Sam nan fèk antre nan yon ane elektoral kote yo gen pou eli yon nouvo prezidan.

Repibliken ak Demokrat ap debat san pran souf epi ap chire pit sou zafè imigrasyon ilegal nan mitan yon pakèt lòt dezakò. Sizoka ansyen prezidan Donald Trump ta reprann pouvwa a an novanm k ap vin la, malè pandye ka balanse sou Pwogram Biden nan. Nou pa ka bliye sa ansyen prezidan an te di sou Ayiti ak kèk peyi afriken. Pwogram nan gendwa koupe sèk oubyen vin chaje ak yon bann restriksyon. Tout lide sa yo mete barikad nan rèv anpil moun ki vle mete vwal pou kite peyi a.

Pou ki rezon anpil moun aplike pou Pwogram Biden lan ?

Motivasyon anpil sitwayen ki aplike pou Pwogram Biden nan parèt evidan parapò ak tablo tèt anba politik ak sosyete peyi a nan konjonkti n ap viv la. Nasyon an ap fè fas ak yon geriya bandi pwennfèpa. Prèske tout moun pran nan yon toubiyon ensikirite toupatou. Vyolans tout jan ap vale tèren. Minis Lajistis fè n konnen ofisyèlman gen teritwa ki pèdi. Lame a sou pòz. Lapolis plizyè fwa konn fè efò brave danje, pèdi manm li nan batay, men li enpuisan de (2) bra balanse kont bandi sanginè yo.

Kè sote maten, midi, swa. Peyi lòk ti krik ti krak. Lavichè ak mizè klowòks ap galope. Lekòl ap fèmen pòt epi lavni jèn yo sou lagraba. Gouvènman an parèt manfouben e ap ret tann Kenyan yo vin ba l jarèt oubyen pran mayèt sekirite a nan men l. Opozisyon an sanble pa gen inite, vizyon, plan ak altènativ klè pandan Konsèy Prezidansyèl la ap chache wout pou l pran pouvwa a. Peyi a sanble an dezawa e san gouvènay kote l rive nan yon katchaboumbe ki ka eksploze sou fòm yon revolisyon. Nan malsite sa anpil moun ap chache chape poul yo jan yo kapab. Pèsonn pa ka repwoche yo sa. Men si Pwogram Biden nan bon pou anpil moun nan peyi a, nan kisa li bon pou gouvènman ameriken an ?

Ki avantaj gouvènman ameriken an jwenn nan aplike Pwogram Biden lan ?

Nou panse gen 3 avantaj ki pi enpòtan. Premye avantaj Pwogram Biden lan se fè pousantaj imigrasyon ilegal la bese. Lwa « Parole » la te kòmanse an 1952 e li bay ofisyèl ameriken pouvwa pou akeyi imigran ki pa jwenn viza regilye pou antre Ozetazini. Depi janvye 2024, pase yon milyon moun ki soti nan 4 peyi benefisyè yo antre Ozetazini. Lwa a te tabli pou favorize yon kòz imanitè oubyen ki gen yon benefis piblik, men li pa bay benefisyè yo estati legal pèmanan. Aprè yon ti tan Ozetazini, yo ta dwe tounen nan peyi yo.

Daprè « Homeland Security », ki se Depatman Enteryè Sekirite Etazini, pwogram nan redwi janbe ilegal nan fwontyè sid peyi a ki separe l ak Meksik. Selon menm depatman sa a toujou, nan 6 premye mwa depi pwogram nan aplike, 160.000 potansyèl imigran ilegal jwenn yon chimen legal, an sekirite e ak diyite pou vin Ozetazini, sa ki reprezante 89% amelyorasyon nan jan sitiyasyon an te ye nan denyè tan yo. Ogmantasyon migran legal pèmèt an menm tan ekonomi Etazini ranfòse.

Dezyèm avantaj se ogmantasyon travayè sou mache ekonomik la. Nan tan n ap viv la, Etazini manke travayè. Plan Biden k ap delivre nouvo travayè sou mache ekonomik la pèmèt nivo travayè ki manke desann apeprè a yon tyè. An 2023, plis kay te bati, pwodiksyon ekipman te ogmante, endistri touris la te kenbe djanm parapò a bezwen l gras apeprè a 1,1 milyon moun nan Pwogram Biden lan ki te antre Etazini depi pwogram sa te kòmanse. Selon biwo ameriken k ap kontwole kantite travayè nan peyi a, nouvo travayè sa yo ap satisfè yon bezwen ekonomik ki pral pèsiste pou plizyè ane nan domèn tankou konstriksyon, transpòtasyon, teknoloji, endistri manje, sante, asistans sosyal, elatriye. Plis moun k ap travay kreye yon aksyon pozitif dirèk sou enflasyon an, ki se yon ogmantsyon pri machandiz ak sèvis toupatou. Enflasyon an vin bese. Ekonomis ameriken panse nouvo imigran sa yo ede soulaje enflasyon an gras a plis ouvriye ak pwofesyonèl nan endistri ki te gen pwoblèm akoz te manke travayè.

Twazyèm avantaj se fè Etazini jwenn yon randman ekonomik rapid nan pwodiksyon travay imigran yo. Gen imigran ki vini ak tout konesans epi ekspètiz yo. Etazini benefisye edikasyon, talan ak fòs travay moun sa yo san li pa bezwen depanse pou sa. An menm tan nan edike ak fòme nan yon ti tan kout sa k pa gen metye yo, Etazini ap benefisye rapidman nan bay opòtinite travay k ap ogmante pwodwi nasyonal brit li (PNB), ki koresponn a pwodiksyon nasyonal richès peyi a. Richès sa ka defini pa pwofi total ki reyalize nan tout biznis ak travay nan peyi a. Ogmantasyon travay vle di tou ogmantasyon taks Leta prelve sou tout machandiz ak tranzaksyon finansyè ki fèt nan peyi a.

Kidonk Leta ameriken an vin rantre plis taks ki ogmante bidjè nasyonal li, sa ki pèmèt li gen plis lajan pou envesti nan peyi l pou l devlope pi plis. Envesti nan edikasyon pou tout sitwayen l, envesti nan sekirite, envesti nan teknoloji, envesti nan kenbe sipremasi mondyal li. Se nan sans sa Komite Ekonomik Pati Demokrat ameriken an fè deklarasyon sa sou wòl imigran yo : « Kontribisyon imigran yo esansyèl pou kwasans ekonomik ak asire konpetitivite Etazini nan mond lan ». N ap met aksan sou mo « esansyèl » la. Sa vle di pou komite sa pa gen wout pa bwa : pou kreye djòb rapid-rapid ekonomi ameriken an bezwen plis travayè ki soti nan lòt peyi pou ranfòse ak monte nivo ekonomik Etazini, fè l rive pi wo toujou.

Ki pwojeksyon pou lavni Ayiti ?

Men ki wòl benefisyè Pwogram Biden yo ap jwe nan ekonomi Etazini ? Nou ta ka di an fransè Pwogram sa a se yon pwojè « gagnant-gagnant » oubyen yon « win-win » an anglè, nou ta ka di tou nan bon jan kreyòl se « grate do m, m ap grate do w ». Apa avantaj imedya benefisyè Ayisyen yo jwenn nan kite sitiyasyon sosyal malouk ki nan peyi a, yon mizè ki pou piti ap bouyi depi 40 an e yon lavni ki mangonmen, gen anpil kesyon ki mande reflechi.

Kèk nan yo se : sa k pral rive nan de (2) lane lè pwogram lan fini ? Èske yon moun ap blije tounen vre menm si nasyon an toujou nan yon kalfou danjere ? Ki fòm lit dyaspora a ka mennen pou benefisyè yo vin jwenn rezidans ? Apa transfè lajan, kijan dyaspora a ka kanalize nouvo fòs ekonomik benefisyè yo pou aji dirèkteman sou politik peyi a ? Kijan fòs pwogresis ak sosyete sivil nan peyi a makonnen ak dyaspora a ka jwenn bouchon danmijann ensekirite a, kwape korispyon, tabli yon lapè pèmanan ? Kijan n ap ka met kap sou yon lòt direksyon pou eleksyon ka fèt, estabilite ak devlopman pran rasin, fè sèvo nou yo sispann pati, fè jenès nou gen lespwa, soti nan tenèb, fòse douvanjou leve ?

Patrick André

Referans
• Le Nouvelliste: « Programme migratoire Biden: environ 120 000 Haïtiens approuvés », 10/1/2024
• https://www.uscis.gov/CHNV
• CBSnews.com: « Biden administration has admitted more than 1 million migrants into U.S. under parole policy Congress is considering restricting », 1/22/24
• Dhs.gov « Homeland Security: Fact Sheet: Data From First Six Months of Parole Processes for Cubans, Haitians, Nicaraguans, and Venezuelans Shows That Lawful Patways work »
• Fwd.us: « Immigration parole is reducing labor shortages »
• www.jec.senate.gov: « Joint Economic Committee Democrats: The contributions of
immigrants are essential to U.S. Economic Growth and Competitiveness »
Publié le 17 avril 2024 à 12h25
Mis à jour le 18 avril 2024 à 6h19

À propos Patrick André

Je suis Patrick André, l’exemple vivant d’un paradoxe en pleine mutation. Je vis en dehors d’Haïti mais chaque nuit Haïti vit passionnément dans mes rêves. Je concilie souvent science et spiritualité, allie traditions et avant-gardisme, fusionne le terroir à sa diaspora, visionne un avenir prometteur sur les chiffons de notre histoire. Des études accomplies en biologie, psychologie et sciences de l’infirmerie, je flirte intellectuellement avec la politique, la sociologie et la philosophie mais réprouve les préjugés de l’élitisme intellectuel. Comme la chenille qui devient papillon, je m’applique à me métamorphoser en bloggeur, journaliste freelance et écrivain à temps partiel pour voleter sur tous les sujets qui me chatouillent.
x

Check Also

Gouye, Gouyad, danse, Ayiti, Ayisyen, danse kole sere, ploge

Gouye pa vle di danse

Nan move tan kote demokrasi peyi a pran anba tanpèt ...

Share via
Copy link