Tòp Twit Ayisyen, yon nouvo pwojè sou Twitter ki ankouraje jèn yo itilize rezo a yon lòt jan

Temps de lecture : 2 minutes

Dernière mise à jour : 22 novembre 2021 à 17h43

Malgre nou pa genyen done estatistik ki moutre nou egzateman ki kantite Ayisyen ki ap itilize Twitter, nou kapab konstate Twitter pa rezo sosyal ki te gen plis jèn enterese avèk li an Ayiti konparativman a jan sa ye pou Facebook, Instagram oubyen Tiktok. Sa rive paske twa (3) dènye sa nou site yo plis pèmèt itilizatè yo pibliye foto fantezi alòske Twitter li menm plis gen yon karaktè pwofesyonèl kote moun plis vann pèsonalite yo. An reyalite, malgre karaktè pwofesyonèl li genyen an, menm jan ak tout lòt yo, gen anpil lòt koze (zen anpil fwa) ki pale sou rezo sa.

Ki objektif Tòp Twit Ayisyen (TTA)?

Youn nan inisyatè mouvman an ki se yon jèn doktè ayisyen ki ap viv nan peyi Kiba, Philippeson Juste, te pale ak nou sou rezon ki fè yo deside kreye mouvman an epi ki kote yo vle ale ak li.
“Pou kòmanse, nou te konstate gen anpil enèji nan pataje bagay ki pa twò enpòtan sou Twitter. Epi nou di tèt nou, poukisa nou pa depanse menm enèji sa nan veyikile mesaj ki ka plis itil? Se konsa nou mete TTA sou pye nan lide pou bouste refleksyon pozitiv yo. Bon chans pou nou, moun byen akeyi nou; sa pwouve kijan yo te swaf yon demach konsa. Nou konte bay gwo rekonpans a moun ki fini nan tòp yo pa twò lontan, n ap travay pou sa. Pou kounya, se minit ak plan entènèt nou ka fè pou venkè yo chak semèn. Estaf la gen anpil bon nouvèl li ap anonse byento, nou pa prese… chanjman ka kòmanse sou rezo sosyal yo.”

Temwayaj kèk pami gayan yo pandan premye mwa TTA

Jamis Pierre Antoine ( @LaJamis sou Twitter), se youn pami moun ki deja fini nan tòp la plizyè fwa, li te eksprime li konsa: “Pou m byen di w, mwen te pran pwojè a lejè, men mwen menm ankò mwen demanti tèt mwen. TTA pa yon senp platfòm jan yon moun ka panse l la. Mwen te panse Twitter rezime a fè twit vakam ak fè billboard, men depi lèm rejwenn TTA tout bagay chanje de yon vrè vakamè mwen vin transfòme an yon motivatè, yon sous enspirasyon pou moun antouraj mwen. M pa t janm panse m te gen tout talan sa men ak pwojè sa mwen dekouvri anpil lòt bagay ki te kache lakay mwen. M pa kache di w, tout antouraj mwen vin ban m respè, tout moun lakay mwen fyè de mwen. Se chak jou m ap jwenn moun k ap ankouraje m. M pa gen mo ankò pou m ta defini lajwa ak anvi TTA mete nan kè m.”

Bò kote pa li, Malherbe Josep, ki se animatè emisyon “Intellectuellement Vôtre” nan radyo Sans Souci nan vil Okap, te bay opinyon li aprè li te fini nimewo 1 nan tòp la. “Mouvman TTA se yon mouvman ki redui twit vakam yo sou Twitter. Malgre mwen te toujou atache ak liv, TTA vin ogmante nivo pasyon m pou liv paske se la sous enspirasyon m sòti plis.”

Enpak TTA deja genyen

Daprè lòt manm ki konpoze estaf TTA, gen anpil satisfaksyon aprè sèlman yon mwa depi yo lanse. Gen pi bon twit ki pibliye e se tankou yon tchalendj pou moun k ap itilize rezo sa. Mete sou sa, gen moun ki gentan vle sipòte mouvman an. Pa egzanp, TTA apèn jwenn yon patenarya avèk Team Space Family ki ap ede yo pi byen rekonpanse gayan yo. Lòt bagay ankò, TTA te kontan aprann gen yon sitwayen sou Twitter ki chwazi bay youn nan gayan yo yon Iphone 10.

Anpil moun ap itilize htag TTA, anpil moun ap tann pou yo fini nan tòp, gen moun ki sezi lè yo wè yo fini nan tòp la epi gen lòt moun ki kritike lè yo pa fini ladan l. Sa se bagay ki pwouve kijan atant yo pa piti de mouvman an.

Dezòmè, avèk Tòp Twit Ayisyen, Twitter se yon espas kote itilizatè yo fè pi bèl twit epi yo pi byen ekri òtograf mo yo paske nenpòt kilè yo kapab nan tòp.

À propos Auteur invité

Les auteurs invités sont des contributeurs occasionnels auxquels Balistrad ouvre ses colonnes pour la publication de textes de réflexion sur des sujets divers. Si vous souhaitez vous aussi partager votre expérience ou votre vision, contactez-nous sur les réseaux sociaux ou sur submit.balistrad@gmail.com. Nous nous ferons un plaisir de les publier, s'ils sont conformes à la ligne éditoriale et aux standards de qualité de Balistrad.
x

Check Also

S’unir pour vaincre la mort. Une proposition de Jacques Roumain dans « Gouverneurs de la rosée »

« Nous mourrons tous », crie Délira Délivrance. Des paroles, ...

Share via
Copy link