© Forbes

Lèt tou louvri pou Jovenel MOÏSE, prezidan ilejitim

Temps de lecture : 3 minutes

 

[balistrad_box title= »Lèt tou louvri » style= »glass » box_color= »#9a4e65″]Lizay sonnekselans,

Jodi a, aprè m fin adrese m ak ti kouzen w, Jean-Charles MOÏSE, ki chwazi fèt tout kalite dezòd ki genyen nan peyi a; se ou m chwazi ekri ki pote tit prezidan repiblik  la. Yon peyi, tankou mwen avè w konnen, Jan Jak Desalin te bati ak san nèg ki te sèvi kòl pou kole chak ti bout planch pou te fè nou rete kole. San sa yo te koule pou vin bay sa m wè n ap remèt jodi an ? Se grav mesye ! Antouka, m swete w fin li lèt mwen an paske m fè w yon demann k ap pèmèt ou sòti gran nan listwa toujou (si se sa ki preokipasyon w).

Sa fè kèk jou, ti kouzen w te chwazi souye drapo repiblik lan, yon zak konstitisyon w ap pilonnen an depi lontan an entèdi. Sa fè m mal pou m wè lè w fin asiste tout deblozay peyi an ap konnen yo la san w pa t janm reyaji, ou pale pou w pou di anyen ! Ou alèz kò w paske w gen sipò tonton Sam, pa vre ? M ap raple w gen nèg ki te di plis pase w! Jean-Claude Duvalier, twa mwa avan l te tonbe te di l la pi rèd pase yon ke makak. Jean-Bertrand Aristide te jwenn sipò yon jeneral meriken avan l tonbe. Atò, ou panse pèp la pap ka kenbe !  Wap jwe sou tan, pa vre ? Sou Nanphy, pèp la te kenbe de semèn. Alòs, di M sa w wè?

Konpatriyòt mwen, pre-ii-dan san lejitimite! Mwen se yon moun ki kwè nan estabilite paske m pat janm ,anvan sa, rantre nan lojik voye ale. Men m ap swiv ou depi nan Galile pou rive Jerizalèm. M tande tout diskou w! Sa vle di m gen konesans sou kantite manti w ap bay zonbi ki te vote w yo. Men ala mechan! Atò, se pa lespwa timoun k ap vini yo nou pa ta lapide ak kout wòch koripsyon! E bandi legal nou ye. Wi, ou konpòte w tankou sa vre, lè nan ti adrès alanasyon w lan (sèl ou ki konprann sa w di ladan an), ou bliye peyi an gen kat jou depi l fèmen akòz ou menm. Men sa pa di w anyen paske sa pa anpeche ni pitit ou ak pitit kouzen w lan al lekòl, sa pa anpeche w okenn moun lakay ou jwenn kote pou yo fouye men yo pran pou manje. Men, ou pa panse ak ti machann yo ki bezwen al degaje yo pou bay kay la manje paske se sèl lari an yo genyen. Ou pa panse ak okenn moun, vye egoyis.

Se pou sa, jodi an m ap mare kè m pou m di w li t ap pi bon si w ta remèt demisyon w! Yon lòt fwa, ou montre w  pa konpetan pou w kontinye chapo sa, souple retire l! Li  twò lou pou ou. Ou mèt leve jantiman sou chèz boure an malgre m konnen l dous anba mouda w. Moun sèvèl kale pa dirije peyi !

Avan w te bandi legal, ou te yon papa pitit ;  kidonk jantray ou ka toujou fè w mal wè jan pèp la ap mouri. Avan w te yon koriptè/konripi, ou te yon malere,  savledi w te konn kòde anba grangou. Ou pa fè anyen pou sa chanje ! Okontrè, ou mete sann sou frèt pou w kale do malere pi rèd. Avan w te yon enkonpetan, ou te yon moun mezanmi ! kidonk, ou ka konprann lè yo di w non!

Konpatriyòt mwen, prezidan ilejitim, m konnen w pral twouve m estipid, menm wè m antanke yon ti dyab paske m ap di sa w pa ta janm renmen tande. Men, m pa ta ka di w sa w vle tande an konpatriyòt. Men malgre sa, m ap mande pou w li ti tèks sa avèk anpil atansyon. M espere l ak ti kras imanite ki rete la ede w konprann plas ou pa nan Palè Nasyonal ankò.

Se te vye konpatriyòt ou, ki vle wè fè ti pale ak ou.

Amwalaye !

Ansky Hilaire, sitwayen angaje[/balistrad_box]

À propos Auteur invité

Les auteurs invités sont des contributeurs occasionnels auxquels Balistrad ouvre ses colonnes pour la publication de textes de réflexion sur des sujets divers. Si vous souhaitez vous aussi partager votre expérience ou votre vision, contactez-nous sur les réseaux sociaux ou sur submit.balistrad@gmail.com. Nous nous ferons un plaisir de les publier, s'ils sont conformes à la ligne éditoriale et aux standards de qualité de Balistrad.
x

Check Also

S’unir pour vaincre la mort. Une proposition de Jacques Roumain dans « Gouverneurs de la rosée »

« Nous mourrons tous », crie Délira Délivrance. Des paroles, ...

Share via
Copy link