Yon klèb « Toastmasters » an kreyòl nan peyi d Ayiti

Temps de lecture : 1 minute

Dernière mise à jour : 28 octobre 2022 à 16h17

Òganizasyon « Toastmasters International » sot fete 98 lane egzistans nan mwa oktòb ane sa. Malgre li te deja egziste nan plizyè lang anpil kote nan mond lan, pa t gen pyès peyi ki te genyen yon klèb nan lang kreyòl. Konbit se premye klèb Toastmasters nan lang kreyòl, li kreye nan lane 2022 nan peyi d Ayiti. Yon lide Nidger F. Judson Paul te genyen e rive mete li sou pye nan kolaborasyon ak de (2) lòt patnè.

« Kreye yon klèb Toastmasters nan lang kreyòl, se yon fason pou montre pa gen baryè lang ki ka anpeche nou vin yon bon lidè oubyen yon kominikatè », daprè Nidger Paul.

Klèb Konbit kòmanse nan mwa mas ane 2022. Li entwonize ofisyèlman nan òganizasyon entènasyonal la nan mwa dawout menm ane a. Nan lansman klèb la, Nidger Paul pa t poukont li. Ansyen responsab sektè 19 Toastmasters International la te jwenn kolaborasyon Chantal Coutard ak Jean René Pétion.

Klèb Konbit pataje menm objektif ak tout lòt klèb ki nan mond lan. Men tou li vle ede chak manb yo aprann pale pi byen nan lang manman yo ak papa yo epi debarase yo de tout konplèks yo ta ka devlope.

Pou kounya, Konbit reyini senpman sou platfòm Zoom chak samdi soti 5è 30 pou rive 7è 30 nan aprèmidi. Men responsab yo ap panse pou yo reyini fas a fas nan jou yo nan lokal yo ki nan Piblen, nan Dèlma 75.

« Konbit resevwa tout moun. N ap tann tout moun », se sa responsab Klèb konbit la lanse kòm envitasyon bay tout moun ki gen plis pase 18 lane. Pou sila ki vle plis enfòmasyon, Konbit sou tout rezo sosyal yo.

« Toastmasters International » se yon òganizasyon ki pèmèt moun ki ladan l yo amelyore konpetans yo nan domèn kominikasyon ak lidèchip. Egziste depi 98 lane, òganizasyon an nan plis pase 140 peyi nan mond lan. Li an Ayiti depi 22 lane. Konbit se premye klèb ki egziste nan lang kreyòl nan mond lan.

Vanessa Dalzon

À propos Vanessa Dalzon

Vanessa Dalzon est Rédactrice en chef à Balistrad, diplômée en Droit à l'Université Quisqueya (UniQ). Elle est l'auteure du roman « Opération-Rupture », chronique publiée dans Balistrad pendant 22 semaines. Vanessa Dalzon partage son temps en dehors du bureau entre l’écriture, la lecture, le chant et les séries télé.
x

Check Also

Balistrad : cinq années sous le signe de la résilience

Un groupe de jeunes, d’étudiants de divers horizons emmenés par ...

Share via
Copy link