Ki kalite peyi n ap kite pou timoun yo?

Ki kalite peyi n ap kite pou timoun yo ?

Temps de lecture : 5 minutes

Dernière mise à jour : 5 mars 2024 à 18h45

« Daprè anpil esperyans ki fèt, kondisyon sosyal timoun yo viv pandan yo anbazaj genyen anpil efè sou yo epitou sa kontinye pandan tout lavi yo. »

Se yon evidans jodi a, move konpòtman lidè politik ayisyen yo kontribye nan ipoteke lavni timoun yo. Sitiyasyon malouk sa yo bay anpil kè sote. Sa ki menm lakòz peyi a envivab, sosyete a pèdi vrè sans mo Valè a. Tout moun bezwen leve yon bon maten pou yo tou rich, modèl prèske pa egziste. Timoun yo sou yon wout ki pa sèten.

Yon timoun ki te gen 9 an nan lane 2000 ap gen san dout 30 an pou lane 2021 an. E nan 10 an ankò l ap gen 40 an. Petèt, nan yon ti kras tan, li pral youn nan pwochen dirijan peyi a. Nou dwe klè sou sa. Men, kesyon nou ta dwe poze : ki garanti yon timoun ki fèt jodi a genyen pou rete nan yon Ayiti kote li pa pral santi lavi li menase ? Èske nou (Ayisyen) reyini kondisyon pou pitit ak pitit-pitit tè a kapab viv sou li san kè sote ? Kèk kesyon anpil nan nou ap grate tèt pou jwenn repons. Se grav, men peyi a kontinye ap glise desann nan yon gwo twou san fon.

Edikasyon : pilye pou konstwi lavni

Gen yon pwovèb chinwa ki di : « If you are planning for a year, sow rice; if you are planning for a decade, plant trees; if you are planning for a lifetime, educate people ». Sa vle di : « Si w ap fè preparasyon pou yon ane, plante diri; si w ap fè preparasyon pou dizan, plante pye bwa; e si se pou lavi w ap prepare, edike moun ».

Gen plizyè fason pou fè enpak nan mond lan. Men pa gen pi gwo enpak pase transmèt edikasyon e rann moun otonòm ak kapasite pou al fòme lòt moun, ansuit pou yo pran responsablite fòme lòt moun ki pral fòme lòt moun.

Ann Ayiti, plis pase 80% lekòl primè yo pa piblik epi yo akeyi plis pase 80% nan elèv ki nan sistèm edikatif nou an. Se sektè non-piblik la ki domine sistèm lekòl ayisyen an. Edikasyon, nan ka sa a, se òganizasyon relijye yo, non-gouvènmantal yo oswa sa ki gen bi pou fè pwofi yo ki gen monopòl li, selon done ki sou sit « Global Partnership for Education » nan. Pwoblèm ki poze, sèke Leta pa garanti ni 20% ki ta sanse lekòl piblik yo, alewè 80% ki pa ta – dirèkteman – sou kontwòl li yo. Gen yon bon pati nan elèv sa yo ki p ap rive atenn twazyèm sik eskolè a, nan ka sa a pifò p ap rive fini lekòl. Se sa nou ta ka rele yon dekwochaj eskolè.

Fenomèn dekwochaj eskolè a lye ak sitiyasyon ekonomik, kiltirèl… epi twoub sosyo-politik yo ki pa janm sispann depi plizyè lane.

Pi pre Ayiti, sou menm zile a, Repiblik Dominikèn tabli bon jan estraji, pran bon jan desizyon pou mete sistèm edikasyon yo a sou ray devlopman. Sa tèlman evidan, anpil paran ayisyen oblije voye timoun yo al pran fòmasyon lòt bò fwontyè a.

Daprè Bank mondyal, sa ki distenge peyi ki jwenn pi bon rezilta yo nan domèn edikasyon, se valè yo mete sou pwofesyon ansèyman an. Valè sa a reflete nan relasyon ki genyen ant Leta, sosyete a ak kò anseyan an. Li reflete tou nan sipò pwofesè yo resevwa – espesyalman salè yo ki reponn ak atant yo –, nan konfyans yo mete nan yo ak nan rekonesans yo genyen nan sosyete a, non sèlman avèk paran yo e avèk tèt pa yo tou. Anplis, sa konplete ak tout responsablite ki retonbe sou pwòp tèt yo kòm anseyan.

Jenès la pa gen plas li nan pwojè peyi a

Nan yon dokiman « Fonds des Nations Unies pour la Population » (UNFPA) sòti nan lane 2010, li ta rapòte ke Tout estrateji nasyonal konplè pou redui POVRETE dwe santre sou jèn, osnon dwe akòde yon plas enpòtan a jèn yo. Li ale pi lwen pou di gen apeprè 1.8 milya jèn (ki gen ant 10 a 24 an) nan mond lan, sa ki ta reprezante prèske yon tyè nan popilasyon mondyal la. Prèske 90% ap viv nan peyi ki sou wout devlopman yo. Yo espere pwopòsyon sa a ap ogmante sou 20 ane k ap vini yo.

Sa montre aklè ke yon peyi ki vle al pi lwen dwe konte sou jenès li. Kanta pou Ayiti, 22,7% nan popilasyon an gen ant 15 ak 24 an e plis pase mwatye nan popilasyon an gen mwens pase 21 an. Selon Rapò Devlopman Imen 2013 la, laj mwayen popilasyon ayisyen an nan lane 2010 se te 21,5 an.

Jounen jodi a, anpil baryè drese pou dekouraje jèn yo enplike yo aktivman nan zafè politik peyi a. Kòmkidire chodyè a dwe toujou desann sou non granmoun yo. Alòske, jenès la ki se veritab fòs motè peyi a itilize kòm yon pon.

Gen anpil gwo chèf ki amize yo nan abize jenès la. Yo distribiye ba yo gwo lajan ak gwo zam fann fwa. Sa ki fè anpil jèn pran gou nan fè lajan vit e fasil. Nan mwa me 2019, « Réseau National de Défense des Droits Humains » (RNDDH) rapòte ke otorite ofisyèl peyi a ap pwoteje gang. Youn nan ka flagran se lyen ki egziste ant senatè Gracia Delva ak chèf gang Arnel Joseph. « G9 an fanmi e alye », youn nan pi gwo rezo gang ke peyi a pa janm konnen ap dirije pa yon ansyen polisye : Jimmy Chérizier alyas Babebekyou. Se menm Jimmy Chérizier sa a, yon gwo rebèl ki gen avi rechèch dèyè l, ki rive ap manifeste kont kidnapin devan zye tout polisye. Jenès la pa ka ap eksplwate pou simen latwoublay.

Pitit tè a pa santi li pwoteje; yon van laperèz anvayi Peyi a

Pa gen pi bon fason pou yon timoun santi li nan lapè ak sekirite ke lè li antoure de moun li ka fè konfyans osnon moun li ka konte sou li. Se prèske menm chema a ki egziste pou yon bèt; ti poul yo toujou kontan e ozanj lè yo dèyè manman poul la. Yon lòt bò, moun ki kwayan yo ta menm di : « Mwen asire m nan Kris paske mwen jwenn sekirite ».

Se sou menm lide sa a, selon tout vrèsanblans, n ap di leta echwe nan misyon li. Pitit tè a pa ka viv sou tè a. Gen yon van laperèz k ap soufle toupatou. Ensekirite a ap vale tèren. Fenomèn kidnapin nan lèse popilasyon an san vwa.

Peyi a pa gen granmoun. Leta deresponsabilize tèt li. Alèkile, pèsonn pa ka planifye sou demen. Tout moun anvi f on kraze kite sa.

Granmoun jodi, Timoun ayè

Li klè ke sosyete a kontinye ap repwodui tèt li, depi yon bon bout tan menm koz yo ap pwodui menm efè yo. Anpil nan moun ki granmoun jodi a, te timoun yon lè. Men yo tèlman pa pote anyen ki nèf, ou gen lenpresyon popilasyon an ap pran « la même leçon » chak jou. Pèsonn pa wè kòman lavni ap konstwi nan kalte peyi k ap desinen la a. Alòs, se la a tou chema ki vle fè kwè « Timoun jodi, Granmoun demen » an dwe mete sou kote. Li pa posib pou aprè plis pase 200 ane lendepandans pou Ayiti poko ka granmoun tèt li. Toujou g on chirepit, toujou g on lese frape, toujou pral g on kouri.

Pou peryòd 2015-2020 an, estimasyon esperans lavi pèp ayisyen an rive nan 64,2 ane. Anpil fonksyonè leta poko konprann nesesite pou pran retrèt lè sa mande. Li pa nòmal pou anplwaye leta ki nan responsablite kle pa ka metrize baz enfòmatik. Si chemen an te mal trase pou ansyen yo, ka gen yon pi bon demen pou timoun kounya vin grandèt majè jan sa dwe ye.

Èske se kalite peyi sa a nou vle tout bon vre kite pou timoun yo?

Peyi d Ayiti — depi byen lontan — pa janm sispann kangrennen rèv ak lespwa jenerasyon k ap vini yo. Timoun yo pè souri. Jenès la pa nan vrè chimen l. Leta prèske pa egziste. Kon di gwoup mizikal Zafèm nan Savalou : « Ewo nou yo pa t travay pou sa ». Men tou, gen yon bèl pwovèb kreyòl ki di : « Toutan tèt poko koupe, li espere pote chapo ». Jenès la dwe plis ke jamè orandevou. Patisipe nan espas desizyon yo. Fè plan sou 25, 40, 50 an. Enplemante solisyon dirab.

Fincy Pierre

_________________

Referans :
– http://www.haiti-perspectives.com/pdf/2.4-nous-projeter.pdf
https://www.globalpartnership.org/fr/blog/laissez-les-enfants-dhaiti-retourner-lecole
https://ayibopost.com/ces-parents-haitiens-envoient-leurs-enfants-a-lecole-en-republique-dominicaine/
https://blogs.worldbank.org/fr/education/la-carri-re-denseignant-que-fait-la-r-publique-dominicaine
https://www.unfpa.org/sites/default/files/pub-pdf/Case%20for%20Investing-FINAL_FR_v1.pdf
https://www.ht.undp.org/content/haiti/fr/home/
– https://www.haitilibre.com/docs/3-Rap-Situation-des-DH-3Mai192.pdf
– https://www.paho.org/salud-en-las-americas-2017/?page_t_fr=haiti&lang=fr

À propos Fincy Pierre

Fincy Pierre est haïtien, fondateur de Balistrad; curieux et perfectionniste par défaut. Il a un penchant pour la communication visuelle. Il est surtout connu pour son travail dans la communication digitale. À Balistrad, il est éditeur, community manager et (en partie) responsable de la stratégie.
Share via
Copy link