© Erickson

Referandòm pou vote yon konstitisyon ki pral vyole dwa lengwistik pèp ayisyen an

Temps de lecture : 8 minutes

Dernière mise à jour : 10 mars 2021 à 13h35

Depi kèk tan, gouvènman ki la a pa sispann pale de yon nouvo konstitisyon pou Ayiti. Bò kote pa li, komite k ap travay sou konstitisyon sa pibliye avan pwojè a pou sosyete a kapab diskite sou li pandan mwa fevriye a. Paralèlman, konsèy elektoral pwovizwa a ap prepare l pou òganize referandòm nan mwa k ap vini yo. Men, menm jan ak anpil konstitisyon ki te elabore deja, youn nan dwa enpòtan inisyativ sa a konte vyole, se dwa lengwistik pèp ayisyen an.

Avètisman: Atik sa pa fokalize sou aspè legal oubyen ilegal ki genyen nan demach pou bay peyi a yon lòt konstitisyon. Li fè yon analiz pito ki chita sou dwa lengwistik.

Konstitisyon se manman lwa yon peyi. Li fèt pou li reflete aspirasyon ak preyokipasyon pèp li elabore pou li a. Sou plan kolektif, li dwe garanti menm kondisyon yo pou tout moun ki pèmèt egzistans sosyete a. Atik ki anndan konstitisyon an dwe makonnen ansanm avèk mès yo, koutim yo, klima a ak evolisyon an. Yo dwe konsidere moman prezan an pandan y ap voye je sou listwa pou yo kapab prepare lavni. Moun k ap elabore yon konstitisyon dwe pran tan yo pou yo fè sa paske sa mande anpil sajès. Paske li se lwa fondal natal peyi a, se li menm ki dwe defini ki direksyon politik, jiridik peyi a ap pran. Se li menm ki defini rapò ant dirijan yo ak pèp la, wòl chak pouvwa ak wòl chak enstitisyon epi ki rapò ki genyen antre yo.

Nou pa dwe bliye lwa yo la pou pèmèt sitwayen yo viv an amoni nan sosyete a, pou kapab genyen mwens chirepit ant moun ak moun. Lwa yo dwe respekte prensip antwopolojik ak filozofik yo. Pandan y ap eseye modifye oubyen chanje sa ki dwe modifye ak chanje. Lwa yo dwe respekte metòd ak prensip ki ekri nan konstitisyon ki an aplikasyon an.

Enstalasyon yon komite ki pou elabore yon lòt konstitisyon

Nan mwa oktòb 2020, prezidan repiblik la, Jovenel Moïse, te soti yon arete kote li enstale yon komite konsiltatif endepandan (Comité consultatif indépendant) ki gen ladan li 5 manm ki pou elabore pwojè pou yon lòt konstitisyon pou peyi a. Yon manman lwa ki pou rann demokrasi a pi fò, mennen nou sou wout devlopman dirab, defini yon rejim politik adapte, se kèk pami misyon prezidan repiblik la te konfye komisyon sa.

Pou dirije travay yo, se ansyen prezidan pwovizwa peyi a, Mèt Boniface Alexandre ki okipe pòs prezidan nan komite sa a.
Nan kad seremoni enstalasyon li, Mèt Boniface Alexandre te fè yon diskou konsa : “ Mwen te Toujou swete sèvi peyi m jiskaske mwen mouri. Malgre mwen kòmanse granmoun (84 lane), mwen fyè pou mwen dirije komite sa a. M ap fè tout sa ki depann de mwen pou prezidan repiblik ak tout pèp ayisyen an pa regrèt…”

Pi ba nan diskou li a, li te lanse pawòl sa yo: “(…) Tout prezidan ki pase nan palè a, pou yon rezon oubyen pou yon lòt, pa rive denonse konstitisyon sa a. Kounya se lè pou nou bay pèp la verite. Se konstitisyon 1987 la ki reponsab tout difikilte nou rankontre yo. »

Li enpòtan pou nou raple pandan 50èm lejislati a te gen yon travay ki te deja tanmen pou wè nan ki mezi yo te ka bay peyi a yon lòt konstitisyon. Travay yo te gentan avanse anpil e leta te mete mwayen disponib pou komisyon epòk la, ki te genyen onorab depite Jerry Tardieu kòm prezidan li, te kapab fè travay la pi byen. Nan anvan pwopo a, komite a di li konsilte tout travay ak analiz ki fèt deja yo. Pami yo, travay komisyon depite Tardieu t ap dirije a.

Ki espètiz lengwistik komite k ap travay sou nouvo konstitisyon an chèche?

Nou te fè anpil tantativ pou nou jwenn kèk manm nan Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) pou nou kapab konprann ki rapò yo devlope ak moun ki ap travay sou nouvo konstitisyon an. Malerezman, se aprè anpil difikilte nou te jwenn yon eleman repons nan men youn nan manm yo, Pwofesè Rogéda Dorcé Dorcil ki se anyen Dwayen fakilte lengwistik aplike.

Balistrad: Èske komite k ap travay sou nouvo konstitisyon an te solisite espètiz AKA?

M. Dorcil : Wi. Yo fè sa.

Balistrad: Nan ki nivo AKA akonpaye yo?

M. Dorcil: Nòmalman, AKA genyen pou li fè validasyon tradiksyon.

Nan yon atik jounal Le nouvelliste te pibliye nan dat premye desanm 2020 an, nou te aprann doktè Claude Joseph, ki se minis zafè etranjè gouvènman an, fè demann espètiz OIF (l’Organisation internationale de la francophonie) nan kad elaborasyon konstitisyon tou nèf la. Jan atik la te presize sa, tradisyonèlman leta Ayisyen fè demann espètiz etranje, se lè resous yo pa disponib sou teritwa peyi a oubyen lè yo manke metriz nan matyè a. Se vre OIF gen pou misyon pou valorize divèsite lengwistik, men leta petèt nye nan lang fransè a gen yon varyete ki rele fransè ayisyen kote mo yo pa toujou ranvwaye a menm reyalite nan fransè moun lòt peyi pale. Kidonk, pi bon gwoup moun ki ta ka ede nan yon elaborasyon konsa, se entèlektyèl ayisyen yo ki, malerezman, reprezante yon gwoup minim parapò ak mas pèp la.

Yon konstitisyon tradui

Nan domèn lengwistik ak antwopoloji, li enpòtan pou nou founi je gade ipotèz Sapir-Whorf la ki moutre a klè gen twa (3) eleman ki makonnen ansanm : lang, panse ak reyalite. De (2) gwo syantifik sa yo moutre lang yon pèp patisipe nan kondisyone fason li konprann lavi. Mete sou sa, pa gen yon lòt lang ki kapab pèmèt yon moun esprime panse li ak reyalite li pi byen pase lang natif natal li.

Nan menm sans la, Lengwis Alman an, Wilhelm von Humboldt, te entwodui sa nou rele nan lang alman Weltansicht ki tradui an kreyòl ayisyen kòm « Vizyon nan mond la ». Atravè sa, otè a montre bèl rapò ki egziste ant fason yon pèp konprann lavi ak lang li pale.

Paske gen anpil diferans ki egziste ant lang yo, e se sa ki fè yo grandèt majè, gen anpil tradiktè ki panse an teyori tradiksyon se yon bagay ki enposib. Yo panse li enposib pou yon moun rive retransmèt tipikman tout sans ki genyen nan yon tèks orijinal ak yon lòt. Se poutèt sa, gen yon dikton italyen ki fè kwè tout tradiktè se trèt (traduttore, traditore). Sa vle di, lè yon moun deside refòmile yon tèks menm si se nan menm lang lan oubyen nan yon lòt, se panse otè orijinal la li trayi.

Nòmalman yon konstisyon tradui pa ta dwe yon pwoblèm. Men se gade nan ki lang tèks orijnal la ekri epi ki tèks ki pral trayi lòt. Tout moun admèt jeneralman se tout pèp ayisyen an ki pale kreyòl. Alòs, lojikman si yon lejislatè oubyen yon konstitiyan ap ekri yon lwa, li ta sipoze ekri li an kreyòl, — se lang ki makònen ak reyalite sitwayen lwa sa pral aplike pou li a.

Si nou pati sou baz sa a, n ap konprann byen rapid chwa Leta fè pou mande AKA pou sèlman valide tradiksyon konstitisyon yo vle pou peyi a soti nan lang fransè pou rive nan lang kreyòl. Se yon chwa ki parèt abitrè ki pa baze sou lasyans.

Se vre, premye agiman an se: gen anpil nan tèm teknik jiridik ki poko egziste nan lang kreyòl. Men, èske se pa t ap pi bon moman pou n konsakre yo? Pa bliye n ap pale de manman lwa yon peyi! Anplis, enèji nou pral itilize pou jwenn yon pakèt perifraz nan tradiksyon an, menm jan sa ye nan konstitisyon 1987, te ka anplwaye pou n konsakre tèm jiridik kreyòl. Tèm sa yo t ap vin pi vit tou. Se pou sa, li enpòtan pou n raple travay sou yon konstitisyon paka yon travay senk moun sou kèlke mwa menm si yo konsilte sa k te fèt deja. Anplis, ki rejim politik ki t ap pi adapte pase yon rejim ki panse nan lang manman nou?

Dyaspora se premye gwoup moun ki deyò nan yon konstitisyon ki pa ekri nan lang kreyòl

Kontrèman a lide y ap pwone ki ta fè kwè nouvo konstitisyon sa pral genyen dyaspora yo ladan, analiz lengwistik yo pwouve se pito plis esklizyon li pral pote. Lè nou konsidere majorite moun ki konpoze dyaspora ayisyen an ap viv swa nan peyi Etazini oubyen nan amerik latin nan (Repiblik Dominikèn, Brezil, Chili …), lè nou konsidere peyi sa yo pa pale fransè, li evidan lide fondman konstitisyon an ki ekri an fransè a se yon vyolasyon dwa lengwistik majorite sa a.

Lè yon ti ayisyen/ayisyèn fèt oubyen/epi grandi nan yon peyi tankou etazini, li pran fòmasyon nan lang anglè ki se lang kominote a. Lakòz paran li ak lòt fanmi li, li fasil pou li rive pale kreyòl byen paske li an kontak avèk moun k ap pale lang lan.

Se menm bagay pou yon ti ayisyen/ayisyèn ki fèt nan amerik latin nan, ki grandi nan kominote kote se lang espanyòl ki ap pale (pòtigè nan ka Brezil). An reyalite, timoun sa yo pa gen pyès rapò ak lang fransè. Men paske paran yo se ayisyen, grenn eleman ki simante yo ak peyi a, se lang kreyòl la yo aprann anndan lakay yo.

Kòm nouvo konstitisyon an ap pale de pòs elektif ki pral disponib pou dyaspora yo, an nou imajine ki ka yon depite dyaspora ki pran fòmasyon nan peyi Etazini epi ki rive nan palman ayisyen kote se nan lang fransè lwa yo ekri. San dout, l ap manke pèfòman oubyen l ap chita tankou yon estati pou li asiste kòman palmantè ki pran fòmasyon nan peyi d Ayiti ap vide gramè atè nan seyans yo. Menm si, sa ki pran fòmasyon isit yo pa fin konn gramè fransè yo pase sa. Rezònman sa valab pou nenpòt moun ki ta reprezante dyaspora san li pa te janm grandi nan yon espas frankofòn tankou : Rep. Domonikèn, Brezil, Chili, Meksik ak anpil lòt ankò.

Opinyon kèk etidyan ayisyen sou sa

Nan yon ti ankèt nou te mennen nan mwa fevriye a bò kote 112 etidyan nan plizyè domèn tankou : Jeni sivil, relasyon entènasyonal, jewoloji, syans kontab, lengwistik, agwonomi, jesyon, teknoloji, medsin, dwa, antwopoloji, administrasyon, jewografi, ekonomi ak biznis, nou rive dekouvri enpòtans lang kreyòl genyen pou jèn entèlektyèl ayisyen yo.
Sou 10 kesyon nou te poze nan fòmilè a, nou seleksyone 3 sa ki plis pètinan nan kad atik sa.

Premye kesyon an se nan ki lang konstitisyon an ta dwe ekri ? 50% pami yo (56 etidyan) te reponn kreyòl ; 50% di fòk se nan tou 2 lang yo ; 0% panse li ta dwe ekri an fransè sèlman. Aprè sa, li te enpòtan pou nou konnen si yo ale lajistis, nan ki lang yo ta renmen jije : 84 etidyan ki egal 75% ta prefere jije nan lang kreyòl ; 28 nan yo ki bay 25% kwè sa ta dwe fèt nan tou 2 lang yo ; 0% vle fransè. Finalman, nou te vle konnen pwennvi yo sou zafè atik 134.2 a, se pou rezon sa a nou te poze kesyon sa :si tèks orijinal konstitisyon 1987 la te ekri an kreyòl, èske atik 134.2 a t ap toujou bay tout pwoblèm entèpretasyon sa yo? 85.7% (96 etidyan) te reponn NON ; 14.3% (16 etidyan) di WI.

Se vre ankèt la te mennen sou yon kantite etidyan ki piti anpil, men li pèmèt nou gen yon lide sou rapò jèn entèlektyèl ayisyen devlope avèk lang yo. Malgre inivèsitè yo se kouch ki plis an mezi pou pale lang fransè, yo moutre an reyalite se lang natif natal pèp la ki dwe prime nan anpil sitiyasyon.

Antouka mond aktyèl la se lasyans k ap dirije l. Sa vle di kèlkeswa desizyon yon leta serye ap pran, li dwe konsilte espesyalis nan domèn nan pou desizyon sila a kapab yon jan pi objektif. Elabore yon konstitisyon, ki se kè yon nasyon, pa dwe fèt ni nan mache prese ni san enplikasyon moun ki gen konesans nan diferan dòmèn nan sosyete a. Si depi nan kòmansman, ide ki fonde konstitisyon an fè esklizyon, fòk nou ta poze tèt nou kesyon ki enpòtans yon konstitisyon konsa pral genyen ? Dyaspora pa ladann reyèlman, peyizan pa parèt ladan l nonplis, mas pèp la ki pa pale fransè a pa ladann tou. Kidonk, se yon demach ki vize inikman ti gwoup moun ki eskolarize — ki mal pale franse anpil fwa — nan peyi a avèk kèk grenn moun k ap viv nan espas frankofòn. Sa ki parèt iwonik nan sa, gen yon gwoup ki vle fè kwè moun ki eskli yo se pral veritab benefisyè konstitisyon sa.

Sou baz lasyans, si jamè li ta pase, paske li pa makonnen ak reyalite pèp la sou plan lengwistik, li lejitim pou nou poze tèt nou kesyon si li pa t kontinye enstabilite konstitisyon 1987 la mete n ladann nan.

Leevens Vilmé

Nòt:
https://journals.openedition.org/trajectoires/1649
https://fr.quora.com/Pourquoi-dit-on-que-traduire-cest-trahir
https://anthrosource.onlinelibrary.wiley.com/doi/pdf/
https://books.openedition.org/enseditions/6364?lang=fr#:~:text=Ce%20concept%20fondamental%
https://halshs.archives-ouvertes.fr/halshs-01115175/document
https://lenouvelliste.com/article/223710/des-experts-de-loif-pour-rediger-la-nouvelle-constitution-haitienne
http://blogs.balistrad.com/article/faits-divers/education/kreyol-ayisyen-lang-represyon-lengwistik-lekol-aprann/
https://lenouvelliste.com/article/222692/investiture-dun-comite-consultatif-independant-pour-elaborer-la-nouvelle-constitution

À propos Leevens Vilmé

Leevens Vilmé, né le 20 novembre 1996 à Petite Rivière de l'Artibonite, est étudiant en linguistique à l'UEH.
x

Check Also

Violée par son oncle dès l’âge de 8 ans, elle nous confie un témoignage choc

Neyila a 18 ans et vit actuellement en Floride. Elle ...

Share via
Copy link