© Photo : Korrespondent.net

Poukisa se gason ki souvan chèche lokal pou « plumen » ?

Temps de lecture : 4 minutes

Dernière mise à jour : 3 septembre 2023 à 13h07

Malgre tout sa moun panse ak liberalizasyon lapawòl sou rezo sosyal yo, kesyon fè bagay toujou rete tabou. Abòde yo pa janm fin fasil. Se pou sa, aprè yon entènot te fin poze kesyon sa sou Twitter nan semèn ki sot pase a, redaksyon Balistrad la te twouve li nesesè pou al fouye zo nan kalalou pou chèche konnnen ki rezon ki ka esplike sa.

Nan atik sa nou eseye touche divès pwen nan kesyon an ki lye ak sa yo ban nou kòm edikasyon nan sosyete matchis sa, chema ki di se gason ki chèf, se gason ki dwe deside.

Poukisa se gason ki toujou chèche lokal pou fè bagay (plumen)? Opinyon yo depaman sou kesyon sa menm si yo gen kòm pwen komen responsablite sosyete n ap viv la ki kanpe gason an kòk gagè k ap simaye kout bèk toupatou.

Pou Sindy Ducrépin, etidyant finisant nan kominikasyon sosyal nan Fakilte Syanzimèn, « Se sosyete a nan li menm menm ki kondisyone n pou n pran pou nòmal yon gason k ap chwazi otèl pou l mennen mennaj li. » Li kontinye pou l di : « Tout fanm ki ta fè sa se nan yon sans devye yon lòd sosyal ki tabli a . »

Sindy kwè « Sa pa ta dwe biza pou pyès gason. Menm jan l ka di cheri an n al nan tèl otèl la, fi a ka di l tou. Envès la ta dwe valab. »

Jounalis Ticket Magazine lan esplike plizyè rezon ka fè yon fi refize pwopoze yon kote pou rantre nan relasyon seksyèl ak patnè li.

Sou bò pa l, Hector Vehuel, etidyan finisan nan syans kontab, « Anpil ayisyèn depi w abòde sijè seksyèl ak yo, yo gon reyaksyon diferan e yo pa santi yo konfòtab pou yo ta deside lokal. Fi a trè rezève sou lide sa, sa vin lakoz nou gen responsabilite a. » Selibatè 23 lane a esplike sa deranje l lè yon fi mennen l nan otèl epi se fi a ki asire tout frè yo.

[irp posts= »9983″ name= »Promotion canapé dans nos universités et dans les plus hautes sphères »]

Yon kesyon virilite

Anpil moun rete kwè zafè virilite a se youn nan konplèks ki fè moun panse se gason ki pou devan nan chwazi tout bagay, menm pou chwazi espas pou fè sèks (fè bagay).

Menm pretansyon sa fè Hector Vehuel kwè se yon desepsyon lè se pa gason ki peye. « Men ou konnen nou menm gason nou renmen gen tout lidèchip yo! Nou santi n gon fòs lè se nou k ap depanse, pafwa sa deranje m, se pa aksyon mennen m nan otèl la non, men paske se li k peye a », se sa li esplike.

Poutan gen lòt moun ki pa chita sou grandè gason an ap eseye kenbe lè se li ki toujou jwenn espas la. Daprè Steevenson Lesly, etidyan nan Dwa, se nivo akwentans ak fasilite pou jwenn lokal la ki jwe an favè gason yo. «Ant gason gen plis solidarite pou jwenn baz. N ap pale pou moun ki pa gen mwayen peye moman, e menm si mwayen an posib w ap toujou jwenn yon patnè ki gon chanm lakay li ki pi aksesib.»

Pandanstan Steevenson rete kwè se nivo alèz sa ki pa souvan egziste nan mitan medam yo ki fè se toujou gason yo ki toujou responsab chache kote pou sa fèt.

Jenn gason 27 lane a esplike « L ap difisil pou yon fi itilize chanm yon zanmi l pou fè bagay. Amwenske tou de (2) fi yo nan demach la », li fè konnen.

Kanta pou Stéphane Sully, yon denwazèl ki nan ventèn, gen divès rezon ki ta esplike poukisa se toujou gason yo. Selon li menm se paske fi yo konn pa vle gason konnen si yo abitye al nan otèl. Yo toujou pa konnen epi yo gen yon bagay yo di w yo pa konn al nan chanm gason. Li pousuiv pou l di dèfwa se fi yo menm ki lage responsabilite a bay gason yo lè yo di nèg la : «ou mèt deside.»

[irp posts= »2880″ name= »De jolies fesses sur un puceau… »]

Akote pwoblèm kliche matchis la, gen yon pwoblèm ekonomik

Poukisa yon Fanm paka planifye sòti a menm jan ak gason an, tout depans sou kont li?

Stevenson Lesly rete kwè bò kote pa l se paske « Pa gen travay tou. Donk, yon fi ki gen salè ki pa kouvri tout bagay li, lè l anvi sòti pa wè tèt li ki pral depanse twòp tou pou fè yon moun plezi ». Li deklare pou yon gason li pi fasil. Li panse se petèt la ankò, kote matchis la.

Gen lòt moun ki panse se yon rezistans medam yo ap fè paske yo konnen anpil gason renmen pwofite lajan fi. Sully Stéphane se youn nan moun sa yo.

Pou li menm : « nèg yo tèlman visye tou ou ka fè l yon fwa chak ou soti avè l li pran pòz li bliye kat li pou l di w « où est ta carte » ( kote kat kredi w)? »

Li pa kache pou l di pwoblèm nan soti kote medam yo tou. « Genyen si yo fè l yo panse se yon pakèt bagay »

Nan menm sans sa li kwè gen pou fanm sa poze pwoblèm e yo rive kouri dèyè tout kliche ki di se gason ki dwe deside.

Sindy Ducrépin ale nan menm sans lan pandan li poze kèk kesyon ki fondamantal. «Konbyen fanm k ap travay e travay sa pèmèt yo repwodui tèt yo konvenableman? Konbyen ki gen pouvwa dacha? Konbyen ki p ap travay e ki oblije depann de yon gason jan yo te toujou konn aprann yo sa a ?» Toutfwa Sindy rete kwè se pa yon bagay ki jeneral. Li ajoute «gen fanm ki pwopoze gason soti e ki pare pou pataje frè yo… men si gason an di nou pa bezwen peye nou p ap fòse l tou (Lol)»

[irp posts= »9499″ name= »Aux femmes que j’ai aimées »]

Depi dikdantan relasyon fanm ak gason se youn nan sijè ki parèt tabou e ki fè anpil pale. Batay divès mouvman feminis k ap mennen pou libere lapawòl sou dwa fanm yo ki dwe menm ak pa gason yo nan sosyete a fè gen avanse k ap fèt nan sans sa kote gen kèk kliche sou relasyon sèks opoze yo ki kòmanse dekonstwi. Men rete travay toujou…

À propos de l'Auteur

Joubert Joseph

À propos de l'Auteur

Billy Doré

Joubert Joseph ak Billy Doré

À propos Joubert Joseph

Joubert Joseph, né à Port-Margot le 29 avril 1997, passionné de poésie depuis son plus jeune âge, est poète et journaliste. Il a publié respectivement «15 poèmes pour un million d'étreintes» et «Léa ou La beauté en mille morceaux». Deux ouvrages qui ont été salués par la critique. Il a étudié le journalisme à l'Isnac et travaille actuellement comme reporter à Radio Kiskeya. Rédacteur à Balistrad, Joubert Joseph opte pour un «journalisme responsable.»
x

Check Also

Vin Goute et Passage vont former 20 jeunes filles à Petit-Goâve en Cuisine-Pâtisserie

Pour combattre la prostitution juvénile et les grossesses précoces, les ...