Dyevilòm, yon papa bon kè

Temps de lecture : 3 minutes

Dernière mise à jour : 25 mai 2018 à 9h48

Dyevilòm, se yon gason byen pòtan. Se yon nèg ki sot an pwovens. Li pa t gen chans fini lekòl. Rantre li Pòtoprens pèmèt li jwi kèk privilèj. Li te konn travay lakay moun. Se yon nonm ki byen janti. Li gen respè pou moun. Men tou se yon nonm ki «fanbre» anpil. Sa vle di yon nèg ki chaje fanm. Menm jan yon zanmi mwen te ka di sa.

Dyevilòm pap fè gwo travay. Depi lè patwon li a fin kite peyi a akoz yo t ap pèsekite l nan travay li a ak kout makakri, Dyevilòm sèl kòk chante. Li pote katye a sou do l. Anpil moun rele li «Sen Pyè» paske li genyen nan twouso li, kle pi gwo apatman yo ki nan zòn lan. Fòk nou di tou, katye a se yon ti katye pèzib. Moun pa wè moun. Se pa kote ou pral wè moun nan lari konsa konsa si se pa nan travay yo prale oubyen ap soti. Men sa pa anpeche gen kèk jouda. Moun ki pa gen anyen pou yo fè k ap veye zafè moun.

Kòm pawòl pa chita, anpil moun nan katye a konnen estidyo kote Dyevilòm rete a se tankou yon makrèl. Sa vle di kote l ap mennen fanm tout lajounen pou fè yon pati bagay ki pa Katolik ditou. Antouka pa gen moun ki pa renmen pran plezi. Men sa ki grav la Dyevilòm pa epanye ni timoun ni granmoun.

Lè patwon li a te Ayiti, Dyevilòm te toujou konn ap vire nan machin tout lasentjounen, dayè li gen diplòm youn nan oto-ekòl ki pi prestijye nan zòn lan. Men depi patwon an pati a se Dyevilòm ki responsab tout bagay.

Se yon nonm ki toujou fre ak yon ekip bèl tenis dènye mak. Si ou pa konnen, ou ka panse se Dyevilòm ki lwe tout moun nan zòn nan apatman pou yo rete. Malgre l pat rive lwen lekòl, se nèg ki konn pale epi renmen itilize gwo mo. Lè nonm sa ap pale menm ou menm ki granmoun gason, ou santi l vle sedui w. M pa ta di w pou timoun lespri yo poko menm fin pran fòm nan sèvo yo.

Dyevilòm se nèg ki renmen vyann frèch, li toujou di depi ti kabrit la pouse kòn li ka kòche. Pawòl sa a se tankou deviz li, prèske tout moun nan katye a konn sa. Dayè Dyevilòm se nèg ki renmen bay blag. Se zanmi tout moun. Se yon moun trè ouvè. Se yon bon vye moun kon di grann mwen. Lè l ap pale avè w premye fwa se tankou nou te zanmi depi byen lontan. Patwon li a k ap viv Ozetazini ap voye ti lajan ameriken pou li lit lit. Tout kondisyon yo reyini pou Dyevilòm bèl ti gason.

Lè Dyevilòm pa mennen medam jamè dodo yo nan estidyo kote l rete a -medam k ap vann plezi yo- pafwa se madan marye, pi souvan ki konn gen ti pwoblèm lajan pou okipe pitit yo. Gen de fwa tou se elèv lekòl. Gen nan yo ki konn sanble abitye ak jan de bagay sa yo, men gen nan yo tou ki sanble inosan. Ou pa ta di mango vèt ki gen koulè jòn. Nòmalman, laj yon ti jenn fanm pa enterese Dyevilòm. Sa ki pi enpòtan se wè tifi a gen de ti tete doubout nan lestomak li. Dayè, Dyevilòm pa janm kache lanmou li pou tete fanm, daprè li ki se pi bèl bagay ki te ka ekziste. Dyevilòm se yon nonm kè ouvè. Li renmen bay. Men li renmen pran tou.

Estrateji li itilize, se mande ti jenn elèv lekòl pou l ba yo woulib. Dayè, ki pi bèl bagay ki gen pase sa ? Ou jenn ti demwazèl, w ap sot lekòl epi w jwenn yon bon samariten ki chwazi pran responsablite pou depoze w lakay ou ?

Pafwa, ou pa menm konn sa w pral manje lè w rive. Lè konsa ou ka itilize lajan ou tapral peye kamyonèt la pou w achte yon bagay pou w kenbe kè w. Epi fenomèn transpò piblik la tou son pwoblèm. Sitou toujou gen yon blokis ki anraje nan lari a. Ou konn fè dezèd tan ladan apre ou pa wè ki sa ki te kreye l vre. Pafwa tou gendwa se yon polisye k ap fè lajan manje l. Lè se an prive w ye, ou ka fè wout dekoupe pou evite tout pwoblèm sa yo. Gen moun tou ki gonfle ki konn vin anpeche moun respire nan machin piblik. Epi se fasil pou yon moun pile pye w, sal soulye w ou fin peye pou netwaye. Nan pran woulib la men Dyevilòm gen dwa chape li tonbe sou tete w, oubyen tou nan rantre levye men l gen dwa tonbe bò kuis ou. Ou pa gen pou w fache pou sa, dayè tout moun gen dwa alerè. Anpi tou, ki moun ki pa renmen alèz ? Ki moun ki pa renmen plezi ?

Joubert Joseph

À propos Joubert Joseph

Joubert Joseph, né à Port-Margot le 29 avril 1997, passionné de poésie depuis son plus jeune âge, est poète et journaliste. Il a publié respectivement «15 poèmes pour un million d'étreintes» et «Léa ou La beauté en mille morceaux». Deux ouvrages qui ont été salués par la critique. Il a étudié le journalisme à l'Isnac et travaille actuellement comme reporter à Radio Kiskeya. Rédacteur à Balistrad, Joubert Joseph opte pour un «journalisme responsable.»
x

Check Also

Vin Goute et Passage vont former 20 jeunes filles à Petit-Goâve en Cuisine-Pâtisserie

Pour combattre la prostitution juvénile et les grossesses précoces, les ...

Share via
Copy link