Bakaloreya tèt anba nan yon peyi tèt anba

Temps de lecture : 2 minutes

Dernière mise à jour : 28 juin 2018 à 8h15

Pandan jou yo te mete pou egzamen ofisyèl yo ap rapousib, anpil elèv ak paran ak dlo nan je paske sistèm nan yon lòt fwa ankò moutre li pa gen tèt, li pa gen pye.

Nou nan dezyèm jou egzamen bakaloreya pou kèk elèv, egzamen an poko kòmanse ditou. Jan sa toujou konn fèt, se depi nan mwa desanm direksyon lekòl yo ranmase tout papye elèv pou transfere nan ministè a. Ministè a bò kote pa l, gen pou fè yo konnen si gen yon pwoblèm nan pwosesis enskripsyon an oubyen si yo ka valide san pwoblèm. Ane sa a menm jan ak sa ki  pase deja yo, gen yon gwo tou won san fon nan sistèm edikasyon an. Temwànyaj twa elèv filo ak dlo nan je :

“ Yo fè nou bay tout pyès nou, nou bay tout bagay! Yo te di nou vin pran fich yè. Se lè nou pase y ap di nou fich nou pa soti”.

Pandan tout elèv ta dwe nan sant egzamen poutan nan tout lari ou pa sispann wè elèv filo ki podjab ap chèche yon sant egzamen ki pou resevwa yo. Daniel yon lòt elèv filo ap di :

” Depi yè m ap pase mizè sa m pase nan 8 sant egzamen yo pa resevwa m lè yo resi aksepte m nan youn yo banm egzamen filozofi a a midi, m pa konn sa mw fè m ap peye”.

Selon radyo caraïbes, anviwon 10 mil a 14 mil elèv an pwovens tankou nan kapital la lage nan lari a san fich poutan yo te regle tout pwosesis yo.

Yon lòt bò, genyen ki jwenn fich men li pa soti sou seksyon yo fè a . Nou pa sispann tande elèv sa yo tou ki gentan ap gad echèk yo nan je. Woodney youn nan èlèv ki sibi menm pwoblèm sa ap pale tou tris:

“Bon mezanmi se seksyon D mwen fè epi fich mwen soti sou seksyon C sa yo di m fè la” .

Nou ret kwè ke responsab (san sans responsablite) yo konnen ke se tout yon jenerasyon ki ap pase anba sistèm tèt anba sa a . Sitou anpil paran nan klas defavorize yo, se anba anpil goumen yo peye yon ane lekòl pou pitit yo , ni paran , ni elèv yo pa ta swete ap gade yon lane pase initil nan lavi yo .

Alòs leta, elèv sa yo se pa djòb y ap mande, se pa nissan tou nèf y ap mande. Sèlman yo bezwen yon egzamen ofisyèl ki fèt jan sa dwe fèt .

Paske ti kal dwa sa a yo genyen l, dwa ak moso ledikasyon.

 

Tyson Duverger

À propos Tyson Duverger

Je suis Tyson Duverger. Étudiant à la faculté de linguistique appliquée, slameur et photographe, électricien, intéressé à tout ce qui a rapport avec la psychologie.
x

Check Also

Yon foto ou yon videyo pi enpòtan?

Chak jou, nan lemonn moun pa sispann itilize telefòn yo, ...

Share via
Copy link