Depi li fèt, l ap viv

Temps de lecture : 2 minutes

Dernière mise à jour : 9 avril 2019 à 10h06

Nan chak sosyete koze ogmantasyon demografik se yon koze sansib, pi souvan gen anpil refleksyon ak mizanplas ki fèt nan sans sa a. Men gen lè an Ayiti pa gen twòp panse sou li ? Oubyen je responsab yo bouche sou pwen sa a ?

Antouka si ou se Ayisyen, li difisil e menm yon ti kras enposib pou ou poko janm tande fraz sa: « Depi l fèt, l ap viv ».
Kòz ak konsekans fraz sa a pa sispann vegle je nou.

Nan anpil sosyete ki sou planèt tè a, fanmi gen yon enpòtans kapital. Depi lè ti bebe a fèt jiskaske li rive sou ban lekòl, fanmi kote l ap viv la gen gwo tonton travay pou li fè: kanalize timoun sa, ba li tout zouti nesesè l ap bezwen pou l antre danble nan sosyete a.
Èske se tout fanmi ki pran responsablite sa a ?
Èske se tout timoun ki benefisye levasyon yon fanmi ?

Anpil kesyon te ka poze sou ti kal sijè sa a. Men yo souvan di ou bay sa w genyen, ki vle di, èske yon manman ak yon papa ki yo menm pa t jwenn bon jan levasyon nan men paran yo pral an mezi pou bay pitit pa yo kout men sa ?
Tout sa yo se de reyalite ke nou pa ka wè. Men sa ki si e sèten pou tout moun sèke Ayiti gen anpil pwoblèm e ap kontinye genyen toutotan li pa jwenn solisyon pou koze timoun k ap fè timoun. Moun ki pa menm gen mwayen pou yo viv ap mete lòt èt vivan nan menm meli melo ak yo !

Ledikasyon seksyèl timoun yo prèske pa fèt pou n pa di ditou. Sa ki kite yo nan inyorans, yon inyorans ki souvan koute yo yon vakans nèf mwa (pou sa ki pa jete timoun yo). Kerlande yon tifi 14 lane, manman l ak papa l se brasè (san yon travay fiks). Anba anpil pouse tifi sa a rive nan 9yèm ane, li tonbe ansent san li pa konn poukiyès. L ap di san mamòte: « Mwen pa t vle jete pitit la paske m pa t konn sa k te ka rive aprè, men m konnen lè timoun nan fèt manman m ak papa m ap pale anpil aprè sa y ap okipe bebe a yo pa ka kite l mouri ».

Anpil lòt chita sou fraz sa a : pitit se byen malere malerèz. Ki fè yo pa janm bouke fè « Byen malere malerèz ».

Èske tout bon vre yon timoun se byen malere malerèz ?

Yon timoun pa byen paske yon byen se travay yo travay pou genyen li poutan yon timoun se yon moun, yon èt vivan ki fèt ak dwa pou li viv nan diyite ak respè. Yon timoun pa t dwe: ap pase mizè ni pou l oblije al nanbsiye machin, pou l pa ka manje osinon ap tann rès anbwate nan men moun. Chak grenn timoun sa, èske yo pa gen yon bouch? Yo chak p ap bezwen dòmi ? Chak pa gen dwa lasante ? Yo chak pa gen dwa pou yo al lekòl ? Elatriye…

Si nou eseye lite kont pratik sa yo, gen anpil chans pou nou retire peyi a nan bafon sa li ye a !
N ap gen yon bon fanmi, yon bon sosyete, kidonk yon bon peyi.

© Tyson Duverger

À propos Tyson Duverger

Je suis Tyson Duverger. Étudiant à la faculté de linguistique appliquée, slameur et photographe, électricien, intéressé à tout ce qui a rapport avec la psychologie.
x

Check Also

Yon foto ou yon videyo pi enpòtan?

Chak jou, nan lemonn moun pa sispann itilize telefòn yo, ...