Yon sosyete konplis kadejak

Temps de lecture : 2 minutes

Dernière mise à jour : 30 juin 2018 à 20h36

« Pou jan tifi sa cho, se toutouni li mache sou moun, fòk sa ta rive l. Jan l frekan, kè m pa fè m mal pou li non. »

Sa se reyaksyon  anpil moun nan sosyete a konn genyen lè yon tifi oubyen yon fanm sibi kadejak. Yo gen tandans di ke se viktim lan ki lakòz sa rive. Lè konsa menm si se pa tout moun ki gen reyaksyon sa, men rès yo pa janm gen ase kouraj pou yo di non sètase. Sa pa ta dwe pase konsa! Fok yo  trennen kadejakè a lajistis pou li peye pou zak li poze a! Men yo pito fèmen bouch sou sa sou pretèks ke se pa zafè yo.

Tandans sa sosyete a genyen pou li kritike viktim kadejak yo fè viktim yo pito fèmen bouch yo sou sak pase a. Epi pou kisa wi? Pou yo konsève imaj yo nan sosyete a! Yo kenbe zak malveyan sa tankou yon sekrè. Lè konsa, sikolojikman yo pa byen, yo toujou gen tromatis la. Sa ka pouse anpil nan yo touye tèt yo. Men sa konn rive gen kèk grenn nan yo ki gen ase kouraj pou denonse sa. Lè yo fè sa, olye pou yo ta jwenn sipò fanmi yo ak zanmi yo, anpil nan yo konn fini poukont yo. Fanmi ak zanmi abandone yo, mari oubyen mennaj kite yo. Sosyete a menm ap lonje dwèt sou yo, san konte gwo risk pou trape maladi  moun pran nan fè bagay ki pandje sou tèt yo. Fò w ta di se moun ki gen maladi lalèp! Sosyete a ap evite yo…

« Mwen te gen 22 zan lè bò frè m lan te vyole m. E depi lè sa lavi mwen chanje. Bò frè mwen pat vle rekonèt li te fè sa e misye pat sispann nwi m. Sè mwen an, ki se madanm li, pitit li e menm pwòp pitit mwen te vire do ban mwen. »

– Suzanne, yon fanm ke bò frè li te fè kadejak sou li.

Jwenn yon statistik sou valè fanm ki sibi kadejak nan peyin Ayiti trè difisil paske : oswa viktim lan pa pale paske li pè jijman sosyete a oubyen lè li ta resi pale a, si moun lan enfliyan nan sosyete a, yo toufe koze a. Epi tou pa gen twòp moun ki bay bagay sa trop enpòtans. Men se pa yon rezon ki fè pwoblèm lan pa grav. Okontrè l’ap ravaje sosyete a tankou yon siklòn, fò ta di se Matye k’ap ravaje zòn sid la, men  fwa sa se pa yon zòn men se tout yon sosyete. Sa se yon plè ki mande pou nou jwenn yon remèd. Men jiskilè laboratwa sosyete nou an ap resi pwodwil?

 

Schnaïdine

À propos Schnaïdine Nicolas

Je suis Schnaïdine Nicolas, étudiante en sciences juridiques à l'université Quisqueya. L'écriture me permet de m'exprimer. Elle me donne le courage de dire tout haut ce que je n'ose dire tout bas.
x

Check Also

Ven jou sou ayisyanite nou

« Kilti se nanm yon pèp », yon lide ki parèt ...

Share via
Copy link