Phanise Rosembert

VIN GOUTE (manje lakay) : Ti koze ak Chèf la

Temps de lecture : 4 minutes

Dernière mise à jour : 18 janvier 2020 à 14h55

Anpil nan nou sitou moun k ap viv Ayiti pi espesyalman nan Pòtoprens, nou gen yon ide sou kisa VIN GOUTE ye. Se Yon antite ki ap travay depi plizyè lane nan domèn kizin. Li se youn nan antrepriz ki ap bay gastwonomi ayisyen an anpil jarèt a travè divès aktivite yo òganize, pwodui yo mete sou mache a nan chak okazyon ki ta mande sa, epi fòmasyon yo mache fè nan plizyè zòn nan tèt kole ak lòt antite oubyen a travè piblikaksyon yo sou rezo sosyal yo.

Pou plizyè rezon nou pa bezwen site, Redaksyon Balistrad te chache wè ak Phanise ROSEMBERT Ki se poto mitan antrepriz sa pou yon chita pale.

B: Kisa Vin Goute ye? Sa l reprezante pou ou pèsonèlman, ekonomikman ak sosyalman ?

PR: Vin Goute se yon antrepriz mwen kreye depi 14 septanm 2017. Nou gen patant ak papye leta pou n fonksyone an tout legalite. Se tout yon istwa ki kache dèyè l laperèz, echèk, desepsyon tou. Se tout sa m pa t janm vle eksperimante antanke Phanise ROSEMBERT, mwen aksepte yo ak e pou VIN GOUTE. An menm tan se yon Kote m ap aprann chak jou, m ap amelyore m nan tout sans, m ap fè bèl eksperyans tou.

Sou plan ekonomik, VIN GOUTE pa rich, men nou gen anpil lòt resous Ki fondamantal pou nou e ki kenbe nou vivan. Paske depi lè n kòmanse se yon pakèt zanmitay ki konprann nesesite pou bann bourad ki te toujou la ak nou. Mwen pap sipann prete vwa m pou m di yo MÈSI chak jou, nan non ekip la.

Sou plan sosyal, VIN GOUTE ap vanse. Pou kounya nou gen yon pwojè ak asosyasyon PASSAGE nan Tigwav, kote n ap fè yon kanpay sansibilizasyon kont gwosès prekòs, epi bay jèn yo fòmasyon nan dans ak kizin, yon fason pou yo ka gen yon aktivite ki ka jenere revni pou yo ka defann tèt yo ekonomikman, pou yo ka gen yon otonomi nan kesyon lajan.
Nou gen anpil pwojè ki nan tiwa nou poko ka pale de yo. Nou kolabore ak yon pakèt lòt jèn. Dèfwa selon aktivite n ap fè yo nou konn kreye anplwa pou plis pase 10 jèn, menm si se kontra kout yo konn ye, men nou toujou kenbe bòn relasyon ak yo aprè. Sa pèmèt nou elaji orizon nou nan nivo sosyal, e ranfòse aspè rezotaj la.

B: Èske w te toujou konsidere l kòm yon antrepriz pou rapòte w lajan?

PR: Lè m t ap lanse se pa kesyon lajan ki te enterese m men pito fè eksperyans nan sa m renmen epi itilize l pou sèvi e defann kilti peyi m nan domèn gastwonomi ki se youn nan patrimwàn nou. Premye kontra mwen te jwenn lè m fin gradye se yon moun sou Facebook ki te pwopoze m li. Epi m vin rankontre chèf David DESTINOBLE, se la m te kòmanse vrèman santi m ap entegre milye a avèk yon lòt Zanmi ki rele Rebecca. Mwen te santi se yon privilèj mwen te jwenn pou m travay bò kote yon gwo chèf konsa. Sa te make m anpil e eksperyans lan te plis enpòtan pase lajan.

B: Pale nou de Phanise ROSEMBERT

PR: Mwen rele Phanise ROSEMBERT, mwen gen 29 an. Mwen fè lekòl segondè nan Lycée du Cent Cinquantenaire (lise Jèn fi), mwen diplome nan Hôtellerie-Restauration. Mwen se yon pasyone kizin, mwen renmen manje bon manje. Mwen fèt Wanament, nan yon komin ki rele Baja. Mwen se 6èm nan yon fanmi ki gen 9 pitit.

B: Kijan e ki kote w aprann metye sa?

PR: Aprè etid klasik mwen, mwen pa t deside antre nan inivèsite paske m te vle gen yon metye manyèl avan. Se konsa mwen antre nan École Hôtelière Marie Auxiliatrice nan pwomosyon 2013-2015. Mwen fè yon lane nan kou konèks “cuisine-bar-réception”, aprè sa mwen fè yon lòt ane nan kizin kòm se li m te toujou renmen. An 2016 mwen jwenn yon staj nan yon restoran Petyonvil Ki rele Portofino. Aprè sa m vin al travay nan Valerio Canez nan “Cafétéria de direction” pandan 9 mwa. Epi an 2017 m kreye antrepriz pa m ki rele VIN GOUTE.

B: Men kisa ki te enspire w anbrase yon karyè konsa?

PR: M panse sa ki te plis enspire m se plezi m jwenn lè yon moun fin manje yon manje m fè, jan li kontan, jan li eksprime m satisfaksyon l. Pa gen pi gwo sansasyon pase sa pou yon chèf:
wè yon moun ki ap souri pandan l ap manje yon manje w fè, se tout ti detay sa yo ki bouste motivasyon w.
En deyò de tout sa metye a egzije, mwen mete m apa pou m pran swen vant moun. Mwen pran metye a ak kè m. Mwen egzèse l ak anpil lanmou, pou m pa di se vokasyon m.

B: Kijan eksperyans lan ye pou ou jouk kounya? desepsyon? Satisfaksyon?

PR: Pou eksperyans lan de jou an jou n ap pran matirite, n ap kreye n ap travay plis, n ap inove.

Pou desepsyon yo, anpil moun k ap antreprann yon aktivite ki enpòtan nan sosyete kote l ap evolye e ki ap fè enpak pap pa rankontre pwoblèm. Men mwen menm pi gwo desepsyon m se lè m wè Radio TéléVision Caraïbes deside itilize non biznis mwen pou yo fè emisyon pa yo san yo pa kontakte m sou sa sou ankenn fòm pandan yo konnen klèman yo pa gen dwa sa. M twouve se malonèt, e m ap fè tout sa k nesesè nan tout legalite pou m jere derespektan sa.

Satisfaksyon an se moun ki toujou la, swa kap pataje sa nou fè pou ede n agrandi kliyantèl nou, k ap ankouraje n, ki pa pè envesti kouray yo ak lajan yo nan VIN GOUTE pou yon pi bèl demen. San konte nou kontinye kenbe pwomès nou ki se ankouraje pwodiksyon lokal , achte danre peyizan yo.

B: Èske w gen yon staf avè w oubyen se oumenm sèl k ap jere antrepriz sila?

PR: Se pa mwen sèl k ap jere VIN GOUTE. Nou gen 10 moun nan Ekip la. Byento m pwomèt n ap ka fè konesans ak yo swa sou paj VIN GOUTE a oubyen nan pwochèn aktivite n ap gen pou nou òganize.

B: Ki bilan pou ane 2019 la?

PR: Nan 2019 la nou te travay plis kòm Sèvis Tretè (Service Traiteur). Sinon nou soti yon konfiti zannana, nou pwodwi yon epis ki tou prepare ak pwodwi natirèl san magi, san konte kit Vin Goute nou te pwopoze pou desanm nan ki te gen ladan yon tas vin goute, yon boutèy Kremas Ti Zanmi, Konfiti zannanna, manba, konparèt, Konfiti piman(konfi lakay), bokal epis elt… Nou pa t rive reyalize evènman tradisyonèl VIN GOUTE a ane 2019 la jan nou abitye fè l la akoz chanbadman sosyopolitik Ki te kokobe peyi a. Men nou travay sou tèt nou, nou pran fòmasyon, seminè. N ap konstwi tèt nou tipa tipa nan respè ak tout lanmou sa mande pou n atenn ekselans lan.

B: Yon dènye mo pou jèn yo?

PR: Pa neglije konsome, valorize pwodwi lakay ou! Si w gen yon rèv oubyen yon pwojè, kenbe l la, avanse, aprann, mande konsèy. Chak lè w Tonbe, leve epi kontinye goumen. Avèk anpil kouraj ak pasyans w ap rive wè limyè w ap chache a. PA DEKOURAJE!

À propos Mydna St Cima

Diplomate et linguiste de formation, Mydna ST CIMA est née à Port-au-Prince. Dès son plus jeune âge elle se sent habitée par une passion pour la littérature, d’où le respect qu’elle voue aujourd’hui à la lecture et les langues étrangères. Mydna est une grande observatrice et a le souci d’une bonne communication. Elle est donc persuadée que l’écriture est l’un des meilleurs canaux pour populariser ses perceptions, ses engagements, ses sentiments, ses analyses et sa vision du monde extérieur aux gens.
x

Check Also

« Être une femme, écritures de l’altérité », Kettly Mars en parle

« Être une femme, écritures de l’altérité (EFEA) » est le ...

Share via
Copy link