Ven jou sou ayisyanite nou

Temps de lecture : 2 minutes

Dernière mise à jour : 2 août 2020 à 22h34

« Kilti se nanm yon pèp », yon lide ki parèt nan monn lan nan kòmansman 18yèm syèk la sitou nan Lewòp nan peyi tankou Lafrans ak Almay. Sa ki ta vle fè kwè yon pèp ki swa pa gen kilti swa vire do bay kilti l se yon zonbi. Kilti se idantite yon pèp, se li ki diferansye li ak lòt nasyon yo epitou se li ki fè patikilarite pèp sa.

Nan lide sa kèk jèn angaje tankou : Bijou Makenson, James Francisque, Guerby Brize, Hugues Mondesir, Jean-François Cludema, Selauter Beaulière ak Raphael Makenley te deside mete Kalbas Ayiti sou pye nan komin Kwadèboukè apati rankont 2 klèb (klèb modèn ak ideyal klèb literè) ki te pral akouche kafe-iKla. Epi ekip kafe-iKla pral lanse kalbas Ayiti nan objektif pou ede ayisyen toupatou rejwenn potansyèl yo kòm pèp.

Gwo tonton travay kiltirèl sa pa fèt sèlman nan yon nivo entelektyèl. Se poutèt sa depi 4 lane Kalbas Ayiti ap lanse « ven jou sou ayisyanite nou » avèk kolaborasyon Biwo Nasyonal Etnoloji. Aktivite sa se yon moman ki pèmèt nou reflechi sou kiyès nou ye vre, sou kisa ki fè nou ayisyen. Se poutèt sa li òganize pandan 2 dat istorik: li kòmanse 27 jiyè yon fason pou komemore lokipasyon amerikèn, kote James Francisque, kòdonatè Kalbas Ayiti wè l tankou « youn nan pi gwo kou ki kase pwojè ayisyen ki baze sou libète a » pou li fini 14 dawout, ki se dat ki make nanm peyi a.

20 jou sa se 20 jou refleksyon kote ekip Kalbas Ayiti a ap siyonnen plizyè depatman nan peyi a, tankou Latibonit, Sidès ak Lwès yon fason pou ka fè ide a mache epi touche plis moun. Katriyèm edisyon aktivite  » ven jou sou ayisyanite nou » an ap fèt sou tèm « LANG NOU SE PÒT DRAPO FILOZOFI NOU ». kalandriye Aktivite yo repati konsa:

27 jiyè 2020: toune nan laprès epi ap tou gen yon kozri pandan jounen an.

28 jiyè 2020: Kalbas Ayiti ap nan vil senmak atravè Kòdonatè kalbas la nan yon konferans sou 105 lane depi etazini te debake nan lane 1915 vin okipe Ayiti.

29 jiyè ak 30 jiyè 2020: Vizit-rechèch nan kèk kote nan zòn metwopolitèn lan.

31 jiyè, premye ak 2 dawout 2020: Ekip Kalbas Ayiti a ap nan vil Leyogàn ak nan 13èm seksyon Petit Harpon.

3, 4 e 5 dawou 2020: Kalbas Ayiti ap nan laprès(toune medyatik). Epi, y ap nan depatman Sant, komin Batis.

6 Dawou: Kalbas Ayiti ap an dirèk sou rezososyo yo, Sitou Facebook.

7 Dawou 2020: Kalbas Ayiti ap Santo 6 nan sosyete koukouy nan yon aktivite literè ak filozofi ki rele CREC.

8 dawou 2020: Kalbas Ayiti ap Senmak.

9 Dawou 2020: Kalbas Ayiti ap Gonayiv pou yon toune medyatik.

10 Dawou 2020: Li pwobab pou Kalbas Ayiti òganize yon aktivite ak yon asosyasyon-patenè kiltirèl ki ap sòti Lafrans, li rele « LES MORTS ET LES VIVANTS ».

11, 12 e 13 Dawou 2020: Mobilizasyon nan laprès pou gwo evènman k ap fèt 14 dawout 2020 (komemorasyon seremoni bwa kayiman).

14 dawou 2020: Evènman komemorasyon seremoni bwa kayiman an nan BUREAU NATIONAL D’ETHNOLOGIE.

16 dawou: Kalbas Ayiti ap Pòtoprens Anba Zanmann Kay Sonson Mathurin.
22 dawou 2020: jou RESTITISYON an, jou REVÒL ESKLAV yo.

Ou menm ki konsène pa lakilti, ki vle vin reflechi epi aprann sou enpòtans kilti nou genyen nan lavi nou kòm pèp, al patisipe ak Kalbas Ayiti nan katriyèm edisyon  » ven jou sou ayisyanite nou  » si ou ka fè deplasman oubyen swiv yo sou rezo sosyal yo.

À propos Schnaïdine Nicolas

Je suis Schnaïdine Nicolas, étudiante en sciences juridiques à l'université Quisqueya. L'écriture me permet de m'exprimer. Elle me donne le courage de dire tout haut ce que je n'ose dire tout bas.
x

Check Also

Pourquoi elle et pas moi?

C’est amusant de réaliser qu’il y a un an de ...