© Photo : David J.

Transpò piblik : kochma anpil Ayisyen

Temps de lecture : 3 minutes

Dernière mise à jour : 15 avril 2020 à 9h08

Anpil nan nou konn itilize transpò piblik, monte kamyonèt, bis, elatriye. Si transpò piblik pèmèt nou souvan tande yon pil bèl istwa ki gen sou bout tè sa, sitou ann Ayiti, li konn fè nou viv tou yon pakèt bann vye eksperyans.

Eksperyans sa yo konn fè n panse plis ak kijan lavi n te ka ye si n te gen yon ti machin vèt, yon ti mwayen pou n mete gaz ladan l. Konsa, gen de moun se nan televizyon sèlman nou te ka petèt wè yo yon jou lè y ap site non moun ki manke moun plis dega nan transpò piblik.

Si anpil fwa nou rankontre moun ki amikal, prè pou ede lè n monte machin, nou souvan jwenn anpil moun ki montre n jan Ayisyen ka demèplè*. Jouman yo toujou nan pwent bouch yo, aksyon yo pa pwouve yo reflechi non plis.

Pri machin toujou lage gwo bouch louvri ant chofè ak pasaje

Ann Ayiti, nou tout konnen sa ki rele kous machin. Yon moun ki monte nan wout pa toutfwa peye menm pri ak youn ki monte nan estasyon. Menm la ankò, yon moun ki konn monte nan stasyon, si l desann nan wout, pa toujou fin dakò peye menm pri a. Sa konn lage gwo bouch louvri ant pasaje ak chofè. Ajoute sou sa, li enpòtan pou soulinye lè chofè ak bèfchenn mare konfyolo pou monte pri kous yo anba je mouche leta.

– Madanm, si w pa p peye machin lan, fout ou atè.
– Ohhh pou yon grenn dola, wap pale avèk mwen konsa mesye?
– Machin sa, epa ak dlo non l mache
– ….

Si machin pa woule ak dlo epi gen pyès pou achte san konte lajan pou chofè yo viv ( chofè ak travayè a) ak sa pou yo peye machin yo, gen sa yo rele antre sòti. Alòs, li enpòtan pou n mande si yon grenn dola, senk pyas, jistifye aksyon yon chofè ki anvi pran yon madanm nan kòlèt malgre l di li pa gen lòt kòb sou li. Sa konn menmen gwo goumen. Konn menm gen ka lanmò.

Plas devan / plas bèl fanm, pifò machin transpò piblik pa nan bon eta

Souvan nan peyi nou, plas bò kot chofè se sèl kote moun ka chita vre tèlman machin lan malad menmsi gen chofè ki konn anpile de (2) moun nan yon sèl plas la. Anpil nan nou pè mande plas devan pou chofè pa fè nou wont. Lòt ki oze fè sa konn jwenn anpil malonèt. Chofè yo toujou bay eskiz yo pèdi kòb jounen an lè yo bay moun chita devan. Men sa pa anpeche, siman paske nou souvan wè sa, nou panse se bèl fanm chofè bay plas devan yo.

– Chofè, ban m ti plas devan souple. M pa ka sipòte solèy la ankò nan tèt mwen.
– M renmen wè lè n ap pran pòz nou konsa. E pa Ayisyen w ye, ou pa pran solèy la ?
– …

Nan koze plas devan , transpò vin nòmalize lamizè an Ayiti. Kòmkwa, depi w ayisyen, ou blije dakò pase mizè. Kidonk depi w se Ayisyen, fòk ou renmen solèy cho ?

Anplis sa, toujou gen yon pasaje k ap fè bas. Lè yon lòt pa vle chita nan yon vye plas oubyen nan sòlèy, toujou gen youn ki pou reponn :

– Se paske pa gen lapli !
– Si te gen tire, nou t ap kouri sou tèt.
– Si nou bezwen alèz, e machin pa w pou w genyen !
– Se paske w jwenn lòt machin!

Mòd reyaksyon sa yo mete moun ki pa vle aksepte tout bagay la nan sitiasyon kote se li ki antò. Nou menm, nou kontinye pran zannana pou zizàn. Sa bay chofè yo plis pouwa toujou. Leta menm kontinye fèmen je l. Fason y ap pote moun se sekirite piblik li ye tou.

Move lodè nan transpò piblik

Konbyen nan nou ki rankontre move lodè nan transpò piblik ? Yon moun ki sal ki monte chita nan mitan tout pasaje yo ? Konbyen nan nou ki gen kouraj pou sinyale sa?

Jan nou chita youn sou lòt nan transpò piblik an Ayiti, li difisil pou si moun gen move lodè pou l pa deranje nou, si yon moun sal, pou l pa sal nou. Anpil fwa, lè youn sinyale sa, yo toujou reponn li nou tout se vanite, nou tout ap mouri, nou tout se pitit Bondye, elatrye. Men li nan responsabilite tout moun pou yo mache pwòp sou moun.

Move tretman fanm nan transpò piblik

Si anpil fwa yo pran ka andikape ak granmoun, fanm yo se ladènye y ap pase anba bouch chofè ak pasaje. Si anpil fwa, paske yo bèl oubyen byen kanpe, yo jwenn plas devan, pasaje konn tonbe kritike yo; komkwa se fanm fasil yo ye.

Anplis, chofè toujou pi fasil joure yo paske yo se fanm. Dan pouri gen fòs sou bannann mi. Ki jouman tou mezanmi ! Se konn de pawòl ki pa ret ak pawòl. Ann di bagay yo klè : se vyolans vèbal li ye.

Sak pi di a, se bas pasaje yo ap fè, pansan se jwèt sa ye. Yon ti blag konn tounen gwo jouman sou fanm. Yon moun ki pèdi wòl li mete yon ola riske jwenn pal.

Tout pwoblèm sa yo ka youn nan enplikasyon tout taksi moto sa yo. Men moto gen pwoblèm pa l tou. Si leta dwe jwe wòl li, sitwayen yo dwe òganize yo pou mande pi bon sèvis. Sekirite pasaje yo, pwòpte se minimòm* nan transpò piblik tout peyi serye. Kesyon an : èske nou vle fè peyi serye.

E ou menm, ki tray ou nan transpò piblik ann Ayiti ?

Wood Guerlin Tellus

À propos Wood Guerlin Tellus

Wood Guerlin TELLUS, Ergothérapeute clinicien diplomé de la Faculté des Sciences de Réhabilitation de Léogane de l'Université Épiscopale d'Haïti. Fondateur de Ticket Santé. Rédacteur en chef à Le Consultant. " Heureux celui qui lit car le royaume des mots est à lui ".
x

Check Also

27 octobre, célébration de la journée mondiale de l’Ergothérapie : l’Association Haïtienne d’Ergothérapie discute de la santé mentale

Le 27 octobre est consacré « Journée mondiale de l’ergothérapie ...

Share via
Copy link