POU TIMOUN YO, yon gwoup jèn nan Leyogàn deside aji

Temps de lecture : 3 minutes

Dernière mise à jour : 23 juillet 2019 à 9h06

Nan lide pou ede kèk timoun ki pa kapab pran chimen lekòl, plizyè jèn angaje nan vil Leyogàn deside mete tèt yo ansanm pou jwenn pi bon mwayen pou sa. Se konsa yo rele pwojè sila « POU TIMOUN YO ». Youn nan responsab yo, Ansky Hilaire, t ap reponn kesyon Balistrad.

Balistrad : Kisa « Pou Timoun Yo » ye ? Kote lide sa sòti ?

Ansky Hilaire : « Pou Timoun Yo » se yon konsèp ki vini aprè lansman inisyativ « Pwojè Timoun yo », kote Georges Stéphano LOVINSKY te mande kiyès ki vle mete 250 goud avèk li yon kote chak mwa pou ede kèk timoun pran chimen lekòl. Mwen te anbrase lide a paske mwen t ap travay sou yon pwojè konsa ak kèk zanmi tankou Windsor B. Hector, Taïna Toussaint (yon ansyen nan podium Quartier) ak kèk lòt zanmi ankò. Nou vin wè gen moun ki genyen menm lide a, nou anbrase li, nou pote li bay plis moun, sitou jèn atis Leyogàn yo ki te deside sòti yon mizik sou tit « Pou Timoun Yo ». E ou pral wè plizyè atis ki pa sou pwojè a, nan lide pou fè vwa yo pase, deside sòti tèks yo pou rann travay la pi bèl. Pami atis sa yo nou gen Sanger, Dramatij ak yon gwoup eslamè nan kapital la avèk patisipasyon 2 lòt eslamè nan Leyogàn kote ou ap jwenn mwen.

B- Gwo pwojè sa, ki jan ou ka esplike li ?

AH : Lide a senp ! Tankou jan nou te antisipe anlè a, se pou nou amelyore lavi kèk timoun ki nan gwo nesesite sitou sa ki pa ka ale lekòl yo. Se pou sa, an deyò estaf atis yo ki gwoupe yo ansanm, gen yon gwoup jèn ki chita ansanm k ap panse pwojè sa toujou ki mande anpil chita pale pou nou defini estrateji k ap pi bon e ki ap ede reyisi sa nou panse fè a.

B : Nou aprann genyen yon aktivite ki fèt deja : yon konsè pou ranmase kòb. Ou ka ba nou plis detay ?

AH : Wi se sa menm. Toujou nan menm sans la, atis yo te pran inisyativ òganize yon gwo konsè kote tout gwo talan Leyogàn yo te la tankou : Joe Koby, Tayou La Diva, NJ, Zack D Slac, Slam’Assad, Junior St-Fort, MCG, Zowo Nego, Rozo G, Doub Flow, Boaz Marcelin, Marie Claude F, Rony Pierre ak anpil lot ankò. E kòb ki antre a ap remèt bay ekip ki ap planifye pwojè sila pou jwenn ase mwayen pou ede timoun yo, sa ki ap fèt dapre tout nòm transparans ki tabli yo. Konsè a te fèt dimanch 21 jiyè a nan lokal « Institut Abellard ».

B : Men ki jan ekip la konte okipe li de timoun yo menm ? Apre lekòl, èske nou ap ba yo kote pou yo rete ?

AH : Tankou jan mwen di li a, genyen yon ekip ki ap panse pwojè sa, nou nan kad planifikasyon toujou. Men li klè, kesyon lekòl la son ijans, timoun yo pa dwe pase yon ane nan lari a ankò. Pou nou bay repons ak menm kesyon an, mwen nan gwo diskisyon ak yon zanmi ki pwopoze mwen pou nou mete yon sant akèy pou timoun yo. Men paske nou genyen yon ekip ki ap travay deja, nou pa ka ale fò, nou ap bat pou ta mete de gwoup sa yo ansanm pou nou wè si nou a jwenn yon pi bon mwayen pou nou rezoud pwoblèm timoun yo.

B : Ou gen yon mesaj ou ta renmen voye bay otorite nan zòn nan ?

AH : Ri… Ki otorite ? Nou p ap gen yon koz konsa pou nou lage li nan men nèg sa yo… Pito mwen voye mesaj la bay jèn yo ak tout sila ki anbrase pwojè sila ki pote li sou do yo tankou Maestro Simson Hilaire, VS Design ak tout atis Leyogàn yo ak eslamè potoprens yo ki pote kout men ba nou. Nou ap di yo lespwa timoun yo se nan men nou li ye. An nou kontinye panse pou yo paske swadizan otorite sa yo inyore egzistans yo. « An nou pèfòme pou nou fòme yo ».

B : Dènye mo ou se kisa?

AH : Nou di tout moun mèsi ki deja pote pwojè sila sou do yo. Mèsi tout moun ki te vin ankouraje nou, sipòte nou nan konsè a. Rete branche pou lòt aktivite ki ap gen pou fèt. Se toujou « Pou Timoun Yo ». Mèsi ankò !

À propos Witensky Lauvince

Si les étoiles veulent s'éteindre là-haut, dites-leur que l'espoir est lumière ici.
x

Check Also

Police nationale, violence et droit syndical

Les policiers réclament, depuis quelques temps, de meilleures conditions de ...